Ayiti ap konbat yon gwo defi: fatra ki gaye tout kote. Men malgre sitiyasyon an, gen moun k ap panse ak solisyon, k ap transfòme sa lòt moun jete an biznis, epi k ap mete chanjman an sou pye. Fatra se pa yon pwoblèm, se yon opòtinite paske, fatra yon moun se trèzò yon lòt!
Recyclaj pou sante ak pwoteksyon anviwònman: Nou wè sa chak jou, fatra bouche kanal yo epi lakòz inondasyon, plastik ak dechè chimik antre nan dlo nou bwè, salte ap ogmante epi menase sante nou. Men nou pa oblije kite sa kontinye! Lè nou resikle, nou pwoteje nou kont maladi, epi nou ede Ayiti rete pi pwòp.
An-n transforme fatra an opòtinite ekonomik: Recyclaj pa sèlman bon pou lanati, li kapab fè nou fè lajan tou! Gen moun ki itilize boutèy plastik pou fè dekorasyon, kawotchou yo sèvi pou fè mèb, bwat aliminyòm yo tounen pot pou flè. Chak dechè ka pran yon nouvo fom, epi nou ka fè lajan ak li. Sa nou jete jodi a ka vin yon pwodwi ki gen anpil valè demen!
Lidèchip ak antreprenarya pou chanje Ayiti: Gen anpil jèn ki pa chita ap gade fatra, men k ap chèche fason pou chanje bagay fatra-a an biznis. Yo mete aksyon sou pye, yo kreye travay, epi yo ede kominote yo grandi. Imajine yon Ayiti kote fatra pa yon pwoblèm ankò, men yon solisyon! Kote chak boutèy, chak plastik, chak ansyen kawotchou ka bay yon nouvo opòtinite pou devlopman.
Li lè pou nou aji! Fatra se pa yon bagay pou jete, li se yon chans pou nou devlope e yon fason entèlijan pou chanje bagay yo. Recyclage Se pa sèlman yon aksyon pou lanati, men yon mouvman ekonomik ak sosyal ki kapab chanje lavi nou, chanje figi peyi a. Chak moun ki angaje nan recyclaj se yon moun k ap ede Ayiti avanse. Si nou mete ansanm, nou ka fè lari nou yo pi pwòp, epi nou ka kreye travay pou tet nou ak lot moun tou!
Si ou wè fatra nan lari a, pa gade li tankou yon dezòd. Gade li kòm yon opòtinite! Nou ka fè Ayiti vin pi bèl, nou ka fè fatra tounen richès!
Gardien des Mystères: le 5/29/25