Zanmi, Avan menm ou kòmanse li, klike sou bouton vèt anba a, pou ou ka koute ti chante sah, pou ou ka resisite nanm ou.
Zanmi ou preske rive lakay ou. Paj sah on ti jan long, men pran ti pasians, se bon bèt nap mete sou ou.
La sajes konnen ke avan ou kraze ansyen, gade pou ou wè si ou pa ta kapab reparel. Anpil moun gen tandans, lè on bagay pa mache, yo annik voyel lan fatra. Men byen souvan, rezon ki fè li pa mache a, se akòz on senp defo lan achitekti li. Lè ou gade byen ou vin wè ke on senp koreksyon lan achitekti bagay la ka fè li vin tounen on trezò.
Ebyen, noumenm lan RASH, se sa nou fè. Nou reyalize ke demokrasi a se vreman on bèl ide e ke si nou ka rann li pi rezistan posib a oxidasyon yo rele politik la ki marye trò fasil ak monoplism la, nap vin gen on trè bon sistèm de gouvènans lan men nou. Alò, noumenm lan RASH, nou pa rejete demokrasi a. Nou pito fè on koresyon lan achitekti demokrasi a.
Mo Grek orijinal politik la vle di regleman cite a. 2,700 lane de sa, moun te plis konsène de kijan vil pa yo a tap foksyone. Zafè ki jan tout on repiblik te mache, pat problèm pa yo. Men o fi e a mezi politik vin anglobe tout sa ki gen pou wè avek repiblik antye e menm avek planèt la globalman.
Pandan ke konsèpt politik la, ap progrese epi ap vale teren, li vin tounen on fèt-akonpli lan tèt tout moun, ke politik endispansab e ke depi wap pale de administre on peyi, se politik wap fè.
Noumen lan RASH, nou vin wè ke sa nou rele politik la aktuèlman, kouvri 2 reyalite konplètman diferan yon de lòt. Pou nou menm lan RASH, Politik avèk administre on peyi se 2 bagay diferan, kote youn pa gen rapo avèk lòt. Pou noumen, Administre on peyi, vle di sal vle di a, li vle di "Administrasyon" e pa gen okenn rezon pou administrasyon on peyi exzijibleman kontrole pa on ti group de monopolis. Se pa nou ki la kòz sa, se jwen nou vin jwenn ke politik vin pran fòm koripsyon sah poukont li. Pou noumenm lan RASH, administrasyon on peyi fèt pou li profesyonèl, just e equitab pou tout sitwayen yo lan peyi a, e sèl jan pou sa fèt gen on detachman ki pou reyalize, kote ke se moun nòb, honèt, eduke, ki gen fòmasyon profesyonèl e ki deja bay siy ke yo kanzo devan dife tantasyon yo rele lajan an. Se sèlman kalite moun sa yo ki dwe lan administrasyon on peyi. On moun ki lan konpromi ak magouy ak monopolis pa sipoze kapab menm pale de administrasyon de on peyi.
Alò pou nou reyalize dekoneksyon sah, nou vin wè ke nou oblije kreye on lòt fason, on lòt mwayen, ousawa on lòt mekanism, pou nou konstwi on Administrasyon ki vreman o sevis pèp la e nou vin wè tou, ke nou menm oblije chanje vokabilè nou, lè nap pale koze peyi.
Demokrasi nap itilize aktuèlman an baze sou on kantite san kalite. Noumenm lan RASH, nap dekonekte demoraksi a de kantite san kalite a e nap rebaze li sou on Pluralite de Kalite. Pa enkyetew, pi devan wap konprann.
Lè nou reflechi, nou vin wè ke tou sa lezòm kreye ki pa plante lan lanmou, suseptib a korupsyon. Alò nou deside plante grenn Peybwa RASH la lan Lanmou. Noumenm lan RASH, nou vin reyalize ke sò limanite pap janm chanje, toutotan ke se pouvwa kap kontrole lanmou. Sèl jan pou limanite sove, se lè se lanmou ki kontrole pouvwa. Lè nou byen reflechi nou vin wè ke se on verite ke limanite pa ka evite si li vle kontinye exziste. Si ou konprann verite sah, ou vreman kòmanse konprann RASH.
Menm lanmou gen on "kentesans" ladann. Kentesans lanmou an se "Sakrifism." Sa sa vle di? Ebyen sakrifism la pa fèt pou tout moun. Gen de malfektè lan lòt kilti lan ansyen tan yo, ki te konn ap fè krim epi yo relel Sakrifis. Se te on bann lougawou ki tap blofe pròp pèp yo sou pretex ke yo tap fè sakrifis. Mo sakrifis la an limenm vle di, "Fè Kado volontèman, pròp tan ou, pròp konesans ou avèk enpe lan sa ou genyen kòm resous materyèl pa ou, si ou kapab, pou byen lòt moun." Ou pa fouti di wap fè sakrifis, epi se bèt ouswa lòt moun wap touye. Depi se sa wap fè, se on ansasen ou ye tou senpleman, e ou modi paske se lanmò wap pèmèt ou vin ofri Espri Sen an e sa se pi gro sakrilèj la. Lespri Sen an pa sèvi ak lòt bagay ke La Vi ak la Jwa. On moun, se sèlman avek pròp fwi pal ke li ka fè sakrifis. Sakrifis se tankou on pyebwa kap lage Fwi atè pou bay moun ak bèt manje. Se sa ki fè ke sakrifism la, se pou moun ki kanzo e ki gen men Sent Espri a sou yo sèlman ki ka fèl. Moun sa yo pa pè pòv, yo pa pè grangou, yo pa pè moun rele yo sòt, yo pa pè moun rele yo moun fou, yo pa pè travay gratis, yo pa pè pedi tan yo pou yo ede zòt ki pa ni fanmi yo ni zanmi yo. Kanzo sa yo pa nòmal. Si ou vin anbete yo, ou pap kapab sipòte malè kap tann ou a.
Alò, nou pa gen chwa ke plante Rasin Kore RASH la lan Sakrifism lan, e nou konsyan ke Sèpan ak venen yo ap rayi nou, paske yo tou senpleman pa konprann ki sa ki kanpe dèyè nou. Lè on sèpan ak venen (drakonyen) an pike on bagay, se sempleman paske li pa konpran ki sa lap gade a. Sepan ak venen an pa gen la rezon ni konpreyansyon, ni konsyans. se senpleman sou reflex li aji.
Kòm Sakrifism la mande pou ou kanzo, RASH ap gen on group de 24 moun ki reprezante 24 nanm ki pi ansyen yo e ki pi kanzo yo ke nou genyen lan RASH. Anplis 24 moun sa yo, RASH gen pou li vin gen 120 asistan kanzo pou ede 24 sipè kanzo ansyen sa yo.
*On ti poz, Al bwè on ti dlo, ouswa vin ak on ti tas kafe.* 😉
Moun sa yo pa bezwen touche kòb pou travay yo gen pou yo fè yo pou sove pèp aysyen. Se pa moun ki vin chèche, se moun ki vin bay. Se Sentespri ki bay kanzo sa yo, tout sa yo bezwen pou yo akonpli misyon yo. Yo pa janm bezwen mande, se moun ki vin ofri yo. Lè yo bezwen on bagay, bagay la annik parèt sou yo. Sa yo vin bay la pa oblije lajan. Pi gro jakout richès on moun ka ganyen se sèvol li. Lè nou wè on moun vin retire bagay lan tèt li pou li vin mete lan tèt pa nou, ebyen se moun sa ki vreman vin ba nou. Sa pa toujou vle di ke sa ki lan tèt moun nan ke li vle ba nou an se on bon bagay. Se nou ki pou tande avèk anpil atansyon, ak tèt klè e avèk lusidite dezonbifye, ki pou detèmine sa moun nan vin pataje avèk nou an. Fòk nou kapab reflechi byen e wè si li vin ak bon bagay pou nou, ouswa si li vin ak on antrav pou nou. Sèl avètisman, map ba nou, se si chak fwa moun vin ede nou, se on sèl bagay nou konnen, se mande moun nan konbyen kòb lap ba nou pou li ede nou, nou fèk komanse pòv e nou fèk komanse sitire la povrete tout otou de nou. Povrete se on sab mouvan, ouswa on marekaj. Kelkeswa kòb ou genyen pesonèlman, depi se lan on sab mouvan ou kanpe, lap desann avek ou e lap angloutiw avèk tout zòt yo ki antoure ou yo. Lè nou wè on lezanj Sentespri a parèt sou nou e li di nou ke li vin fè on byen pou nou, li pa vini pou fè on grenn moun ke li pa menm konnen vin rich, paske Sentespri a pa Gen bank bolèt. Se bank bolèt ki fè moun rich grenn pa grenn. Lè Sentespri a voye on moun al ede nou, le pli souvan, lap voye moun nan al leve nivo konesans nou pou nou ka amelyore vi tout on kominote, ouswa tout on zòn.
Lè Sentespri a voye retire moun lan dezespwa se tankou pechè li voye al ranmase pwason pa panyen lan on dlo ki gen tròp pwason. Li pa trò enterese lan voye al peche on sèl ti grenn pwason an, epi kite rès la lan dlo povrete a. Malediksyon pou pwason ki konprann ke se li sèl ki enpotan pou Sentespri a. Depi ou lan mwenmenm sèl, ou lan sèl grenn mwen kòm grenn sèl. Alò imajinew si Sentespri te mete on sèl grenn sèl lan lanmè a. Ki gou ni manje, ni la vie tap gen lah?
Noumenm lan RASH nou vin konprann ke Pou demokrasi a finalman fleuri, se lan men kanzo pou nou plante rasin kore li. Alò Kounye a ke nou konnen ki kote e ki jan grenn pyebwa Supè-Demokrasi a gen pou li plante pou li pran nesans, Nou pral explikew fòm pyebwa RASH la, ouswa achitekti Pyebwa Supè-Demokrasi a, ke noumenm lan RASH, nou rele Vèvè Supè-Demokrasi a.
Prinsip Pyebwa Supè-Demokrasi a tankou on pyebwa, men anpil moun pa konpran ke on pyebwa mache tankou on motè. Motè on oto, ouswa on motosiklèt sevi ak gazolin. Pyebwa sevi avek dlo, solèy ak vitamin li jwen lan tè a ke li konvèti an sa yo rele sèv la. Se sèv la ki gazolin lavi a. Se sèv sah ki pèmèt pyebwa a kontinye viv. Se sèv sah ki fè flè, se sèv sah ki bay oxijèn pou bèt respire, se menm sèv sah ki bay preske tou bèt ak moun vivan la vi lè li donnen frui. Se sa ki fè moun gen gro problem viv lan dezè. Alo se pyebwa yo ki motè yo. Se pyebwa yo ki pouse la vi pou pi devan, a atravè le tan, jou apre jou. Vi fizik nap viv sou planèt sah, se pyebwa ki pemèt li vanse jou apre jou, semèn apre semèn, lane apre lane e sièk apre syèk, atravè le tan. Alò pyebwa pa motè spasyal, yo se motè tanporel e existansyèl.
Ebyen Supè-demokrasi a se on motè nou konstwi paske nou ta renmen ke Ayiti tounen on fize kap mennen tout Aysyen lan paradi. Paradi pa sèlman on zòn, se jan moun yo kap viv landan nan deside viv youn avèk lòt. Men pou on paradi existe, fòk li gen 2 eleman ladann. Fòk li gen on motè e fòk motè a gen grès ladann. Grès Mote ki pou mennen nou lan paradi a se li ki lanmou a. Pa janm gen on on moun ni on pèp lan Univè a, ki rive lan paradi san li pa gen on motè ki sevi ak grese lanmou a.
Pyebwa Supè-Demokrasi a, se avèk zetwal RASH ap konstwi li. Se pou sa, avan nou Konstwi Supè-Demokrasi a, nou gen pou nou kreye on syèl chaje ak zetwal avan. Si ou vle kon kijan motè a konstwi e ki jan li mache, tcheke paj nou an ki rele VèVè Supè-Demokrasi a.