Chante ka resisite nanm nou.
Si Univè a pat on konsyans limenm e si noumenm ak lòt èt vivan yo pat exziste nonplis e si nou pat konsyans tou, kijan e ki sa ki pou ta konnen ke Univè a exziste?
Si pat gen anyen ki konnen ke Univè a exziste, ki yes ou ki sa ki ta ka bay preuv ke Univè a exziste?
Si definisyon la syans se preuv, sa vle di ke syantifikman, Univè a pa kapab exziste san prezans on konsyans ki pou di:
Wi Univè a exziste paske mwen wèl ak 2 grenn jem e mwen wè li bèl.
Mwen tandel lè lap pale avèk mwen e lè lap chante pou mwen.
Vire tounen, mwen pran sant li.
Mwen konnen lè lap korijem, lè lap manyenm e lè lap karesem.
Li pa janm sispan anbrasem.
Se sèl on konsyans ki gen la paròl ki ka temwanye e pataje preuv la ak lòt konsyans ki gen zòrèy ak je.
Konsyans vle di tout syans reyini e tout syans dakò.
Akò vle di amoni, e amoni vle di Lanmou.
San-konsyans yo pap janmè kapab fè viktwa sou konsyan yo paske Univè a pap janm sispann exziste e si Univè a pap janmè sispann exziste, sa vle di ke konsyan yo ki pou temwanye exzistans li ap toujou exziste.
Enèji pa konn disparèt, se pou sa ke existans se on bagay etènèl, mèzalò, se lan ki kondisyon wap pase vi etènèl ou ki pati ki vreman inpotan an. Si lè wap pase mizè lan vi tanporè ou, ou wè li pa dous, eseye imajinew sa sa vle di, pou wap pase mizè lan on vi etènèl, ouswa on vi kote lanmo pa ka delivre ou.
Gran Frè nou e gran profesè nou an ke yo rele Yeshua a, pat vin pase tray li te pase pou nou a, pou li te ba nou la vi etènèl, paske nou tout te toujou genyen la vi etènèl. Li te vin fè nou konprann ke nou gen dwa chwazi ant la Jwa Etènèl e soufrans etènèl. Lanmò pa on sovè ni on gerizon, ni on repo, ni on anbasad, ni on sant de retrèt pou moun kap fè mal.
Alo, si se mal wap fè sou tè a, konnen ke mwen te avètiw, men si se byen wap fè sou tè a, konnen ke mwen kontan anpil pou ou e ke Sentespri a beniw.
Se sa ki fizik kantik la, se sa ki la syans la, se sa ki konsyans la e se sa ki Etonman Diven an.
Depi ou vivan, renmen paske se renmen ki nouri konsyans. Limanite lan on trè movè eta paske gason yo ki reprezante fòs maskilen an vin ogeye e arogan. Fòs maskilen an mete lan tèt li ke li ka jere latè san fòs feminen an. Noumenm lan RASH, nou konprann ke tou 2 fòs sa yo fèt pou yo an ekilib e an parite. Si yonn pi fò pase lòt, tout mond lan dezekilibre. Fòs Feminen an gen menm otorite diven ke fòs maskilen an. Lè gason pa vle aksepte sa, enèji avek puisans lèzòm bese de 100% a 20%. Rezon an, sè ke Sentespri a mete 100% eneji lan gason an e 100% lan eneji fanm nan ki bay on total de 200%. Alo, men problèm nan:
Pou gason an kreye miraj inegalite a ant limenm ak fanm, nan, fok li redui valè fanm nan pa 40%.
Menzalò, pou gason an toufe 40% lan eneji fanm nan, fòk limenm, li depanse 40% lan eneji pa li.
Alò, sa fè 80% lan pouvwa limanite ki gaspiye lan toufe eneji fanm. Menzalò, toufe enèji fanm nan se yon, men pèsiste lan konba sah ak fanm pandan dè syèk e dè syèk e de milenè an milenè, sa gaspiye on lot 80% ankò, ouswa 160% total lan enèji limanite. Sak rete pou limanite fonksyone a se on ti 40%, ouswa 20% pou fanm, 20% pou gason, e menm lan ti 20% an nou fè on bann gagòt ladann lan chèche moun pou nou rayi. Se sa ki fè la syans di ke se a pèn si lèzòm ap utilize 20% fòs serebral li. Alò lè Aysyen diw nèg sòt se evenman, li konn sa lap diw. Noumenm lan RASH nou vle Ayiti tounen pase on lòt vitès superyè sou rès mond nan, pou nou vin premye peyi lan sivilizasyon sah ki rekomanse itilize tout 200% lan fòs serebral li.
Alo ti chante ki di 40 anwo 40 anba, 20 lan mitan fè 100 an, konn sa lap di.