Politik se on konsèpt de gouvènans ke de gro toro filozòf Grek yo komanse kwit, gen apeprè 2,700 an de sa. Istoryen dakò ke se on filozòf ki rele Kleisthenes ki papa politik. Filozòf yo an prensip se de gran pansè nòb, setadi moun ki gen lanmou ak konpasyon lan kè yo pou lòt moun, ki sipoze ap fe tèt yo travay pou byen limanite a. Mèzalò, gen anpil malfektè ki pran pòz filozòf yo tou, e ki vin panse e ekri de bagay dyabolik e terib pou kreye la troublay ak malediksyon sou planèt la. Sa vle di ke gen filozòf e gen "anti-filozòf tou. Nou ta kapab menm rele moun sa yo Folozòf, paske yo se fo filozòf. Si nou rete sou prensip ke filozòf sipoze moun kap travay pou byen limanite, nou oblije tire konkluzyon ke politik limenm te supoze on sasedòs ouswa on nòb fratenite pou byen limanite.
A travè de milye lane, se pa ti kras gro sèvo ki fè gro etud ak ekri gro dokiman sou zafè politik sah, jouk nou rive sou fondatè nasyon Etazini yo. Problèm nan se ke, depi politik kòmanse defini, gen apeprè 2700 lane de sa, li te gentan suseptib a koripsyon. O kòmansman, se aristokrat ki te monopolizel. Aristokrat yo ke noumenm an Ayti nou rele ti lolit yo, setadi on klas moun lan sosyete a ki de jenerasyon an jenerasyon, fèt ak on seri de privilej sosyal, atrave tit yo, ouswa influyans fanmi yo exzèse sou sosyete a. Pa gen anyen mal lan sa, men kòm demokrasi a vin explikel pi ta, on sèl klas moun pa ka dikte tout sa ki ta sipoze fèt lan on sosyete. Kliesthenes, te komanse ap pouse demokrasi a, men se on lòt gran filozòf politisyen ki te rele Solon ki vreman vin bay konsèpt yo rele Demokrasi jarèt. Demokrasi a te supoze retire monopòl pouvwa politik la sòti lan men aristokrat yo pou li metel lan men pèp la. Men la ankò se on klas moun ki pat aristokrat, men yo te vin prèske tankou aristokrat paske yo te rich. Rich yo pase devan pèp la e yo achte pouvwa politik la lajan kontan. Alò, se pou nou konprann ke se pa jodi ya ke malgre politik te on bèl ide pou administre aktivite on pèp, li te toujou fè fas a koripsyon e li te toujou suseptib a korupsyon e jody a li tounen on gagòt, on pouritu, kostime e kravate. Politik te gentan gagòt depi plizye milye lane. Se pa jodi ya ke politik ap fè fayit.
Moun sa yo ki vin rich yo, vin bay tèt yo on ti non ke yo rele kapitalis, ki gen kòm objektif prensipal, de multipliye riches yo. Kapitalis la se on moun ki pran on lajan li genyen e pafwa li menm prete lanjan lòt moun tou, pou kole ak pal li a. Lè li santi kapital li kont, li envesti kòb sa yo lan on antrepriz de produksyon ou de sevis ke li panse ki ta gen tout chans multipliye kapital ki lan menl lan. Byen souvan sa mache, men anpil fwa tou, sa pa mache e se gro soufrans ni pou li e ni pou moun yo, ki te envesti avèk li yo. Sa konn mennen gro dezagreman terib. Kapitalis la se on moun ki te deja genyen, men ki pran on gro risk de pèdi sa li genyen an, lan eseye vin gen plis toujou. Kapitalism la se on sistem de oto-anrichisman legal, paske li baze sou konpetisyon de bon produi, ouswa bon sevis ak bon administrasyon.
Gro problem nan, sè ke gen de kapitalis ki vin koken, ki vin pouri, ki vin parese e ki pa gen disiplin pou yo fè konpetisyon, an respektan règ nomal yo. Alò on kapitalis konsa ki pedi entegritel, vin tounen on kapitalis delenkan. Lè sah kapitalis delankan sah, lage kòl lan Monopolism e li vin tounen on atoufè, san fwa ni lwa. Monopolism la se on kansè mòtèl pou on sosyete. Monopolis la, pa on kapitalis. Mopolis la se on koken e on delenkan. Olye li envesti kòb li lan bon rechèch avek bon analiz pou li wè kouman pou li fè antrepriz li a mache byen, li pase pa anba, e li pito envesti kòb li lan moun yo ki rele tèt yo politisyen yo. Moun sa yo pa politisyen vreman, paske pou ou ta politisyen, fòk ou ta filosòf e fòk yo ta nòb ak spirituel de natu. Monopolis la tankou on antrenè on ekip foutbòl ki pito achte abit yo pou garanti ke ekip li ganyen kanmèm, pase li fè travay honèt li gen poul fè a pou ekip li a ganyen legalman sou prop fòs kouraj li.
Monopolism lan pa legal paske li enposib pou ou detache li de korupsyon dirijan yo. Se pou sa ke kanmèm se pou li abouti lan aktivite mafyozo ak vyolans san limit. Sa vle di ke monopolism la se on kansè mòtel li ye pou on sosyete, pou on nasyon, e menm pou mond lan. On diktatè se on monopolis tou. Diktate a se on fo politisyen ki monopolize gouvènans on peyi e se sa ki fè ke on moun paka diktatè san li pa on kriminèl asasen ki tout tan oblije ap touye moun, tòture moun e terorize pròp pèp li. Alò, lè nou wè ke kelkeswa moun nou vote pou li a, kou li rive sou pouvwa a, li vòlè pi rèd, se paske lè ou marye anbisyon pèsonèl on politisyen avek vibrasyon negatif monopolism la, met sou li , wal bazel sou kantite vòt ki sèlman baze sou on elan de on popilarite fabrike avèk kòb, se katastròf sèlman pou li pote pou ou. Sa vin rann ke politik vin tounen on toubiyon de enterè pèsonèl, kote ke motè a kap anime sistem politik la se monopolism la, e volan an kap dirijel la se politik la. Alèkile politisyen yo pa fouti rive lan pouvwa yap chèche a, san yo pa monte ti tren korupsyon an. Mèzalò, ti tren korupsyon an limenm, se sou ray ke monopolis yo enstale yo li kouri. Monopolism lan se tou senpleman on etablisman de on eta dyabolik. Nou ka jwen plis explikasyon sou rezon ki fè ke Monopolism lan se on eta dyabolik lan paj suivan an ki rele: "On Batay Nou Pèdi."
*On ti poz* 😉
Gagòt pi rèd, lè yo parèt ak demokrasi a, tout entansyon demokrasi a, se te pou pote on koreksyon a problèm politik la, Men monopolis yo blofe tout moun e yo redui demokrasi a on kestyon de kantite de vòt tou senpleman, kèl ke swa ki nivo konpreyansyon ak konesans moun nan kap vote a. Monopolis yo konn trè byen, ke gen on kantite vòt ke on politisyen pa kapab ganyen si li pa gen suvizamman lajan pou li fè on kanpay elektoral ki pi gran pase group zanmi pèsonèl li genyen yo. Kalite vòt yap resevwa a, pa enpotan pou yo paske lan sistèm politik aktuel la, plis moun yo kap vote yo pa konnen ni konprann pouki sa yap vote a, plis li pi bon pou yo. Vre entansyon demokrasi a, se te pèmèt pèp la idantifye ki solusyon ki ka rezoud problèm lap afronte yo. Lè pèp la fin idantifye solusyon yo vle yo, lè sah pou yo vote pou solusyon sa yo. Se pat on kestyon de chwazi kandida a dwat, kandida a gòch kap pran pòz tankou si tout solusyon yo deja lan men yo. Se pat on kestyon de chwazi on grenn blofè, pami on kantite lòt blofè ak on bwèt lamayòt kroke lan kou li, epi fèl konfyans ke sa li genyen lan bwèt lamayòt li a, pral rezoud problèm pèp la. Apre sa, yo te konn chwazi on moun pami yo pou al siveye ke solusyon yo chwazi yo ap exzekite kòrekteman. Ou paka konstwi on nasyon, ouswa mete on nasyon sou on rout de devlopman an votan pou on moun ak on bwèt lamayòt mare lan koul. Kantite pap janm vle di anyen, si ou pa maryel avek de valè reyèl. Se sa ki fè ke 1,000 goud pa egal ak 1.000 dola. Se on tristès, men se sa ki reyalite a lan prèske tout peyi.
Lan preske tout peyi, depi lontan, pèp ap vote pou moun paske yo gen kèk jou yap tande pale de moun nan, men yo pa janm vreman konnen moun nan vre. Yo pa konnen fòs spirituel moun nan, yo pa konn ki degre lanmou ki lan kè moun nan. Yo pa konnen ki degre anbisyon materyel avek enterè anrichisman pèsonèl ki andedan moun nan, yo pa konnen ki grad kanzo moun nan pou li reziste a dife sediksyon yo rele lajan an, e yo pa konnen nivo entelektuel moun nan nonplis. Pi fò pati lan noumenm pèp Aysyen, vote pou moun, tou senpleman paske lè nal tandel pale, nou wè gro foul moun kanpe devanl, sètadi, se on kestyon de program mennen program. Problèm nan, sèke, nou pa konprann ke monopolis yo mete lajan deyò pou rasanble foul moun sa yo devan kandida ke yomenm yo chwazi yo paske kandida sa yo promèt yo bon sèvis. Yo peye promotè profesyonèl ki konn kijan pou yo mete foul moun lan lari a, avek bann rara, tafya, anons radyo, entèvyou lan televizyon, tele djòl etsetera.
Reyalite a tris, men pèp tou senpleman vote pou moun ki gen plis elan popilè a. Pli souvan pèp la pa fè distenksyon ant on popilarite natirèl e youn ki achte. Gro foul moun devan on moun pa gen anyen a wè avek si moun nan gen enterè on pèp lan kèl. Se sa ki fè ke dènye ti visye ak chalatan ki vin wè ke gen kòb lan zafè politik sah, a nenpòt kèl moman rete konsa epi foli pouvwa a monte lan tèt li, epi li deside ke depi li sifizamman odasye, li ka fè moun kwè ke si yo vote pou li, lap satisfè tout rèv yo ak tout dezi yo. Kòm nou konstaste li, visye ak chalatan fin pran peyi a nèt epi yo kareman pran vann peyi a moso pa moso. Lè fini yap fè monoplis yo kado tout richès peyi a, a vil pri, lajan kontan. Se lan koze sah, ke Ayti olye lap fonksyone tankou on peyi, li tou senpleman tounen on gagè gang.
Pou nou senpliye bagay la nap explikel an bon kreyòl:
Nenpòt moun rete konsa, li leve on jou ak foli pouvwa lan tèt li.
Li konvenk kèk zanmi li, ke si yo kanpe avèk li jody a, demen lap ba yo tout bèl pozisyon pou yo fè kòb. Sah se premye nivo konbit koripsyon politik lokal la, paske wap promèt bagay ou pa sipoze promèt.
Li devlope on diskou ki gen dezoutwa bèl paròl ladann ak kèk grenn verite ladan epi li aprann kijan pou li rakonte diskou a avèk antouzias e avèk foug, ou ta di se loraj kale menm kap pale. Chak sa li di se on kout zeklè. Diskou a toujou fè pèp la konpran ke gen on group moun kap abize li e ke limenm pesonèlman, kòm gro loray kale, gen kanson fè melanje ak tout asye inoxidab sou li, epi li pral goumen kont moun sa yo kap abize pèp la. Bann bèl paròl sa yo, vin ba li enpe plis moun kap mache deyèl. Sa se dezyèm nivo koripsyon konbit politik lokal la, paske li te gentan fin promèt tout kòb peyi a bay zanmi li yo. Mèzalò dezyèm konbit korupsyon politik la pap janm ase pou yo rasanble on popilarite nasyonal. Lè sah, politisyen sah vin gen on echantillon popilarite lan men li, sètadi li vin gen on tròkèt popilarite e li konnen ke si pou li vin gen chay pouvwa a, fòk li jwenn on gro chabrak ouswa on gro patron ak pòch fon. Gro patron sah, se li ki gen gro dyakout lajan lan men li, ki ka peye moun ki konn fè gro promosyon, ki konn mobilize fòs medyatik yo tèl ke radyo, televizyon, jounal, medya sosyal etsetera sou tout teritwa nasyonal la e menm entènasyonal la.
Lè li santi ke tròkèt dezyèm nivo konbit politik li anfom, lè sah, pou li ka monte lan twazyèm nivo a, ki nivo nasyonal la, li konnen ke li bezwen on bwa bannan chaje ak lajan dèyèl. Sèt alò, ak tout kanson fè li sou li, lal kote youn lan menm kalite moun sa yo ke li tap kritike yo e ke li te fin di pèp la ke li te pral goumen fas a fas kont yo a. Alò lal chèche on patron ekonomik ki ka finanse kanpay elektoral nasyonal li pou li. Reyinyon sa yo toujou fèt lan sekrè, anba, anba pou pa atire atansyon pèp la, e se lah ke trayizon tout rève e aspirasyon pèp la tou fèt. Se la ankò, san yo pa menm fòse politisyen sa yo, ke yo tou vann ni tèt yo, ni pèp la. Lè ou gade, menm politisyen sah ki tap pale monopolis yo mal la, tou monte ti tren pouvwa a, ki kouri sou ray yo ke gro chabrak yo enstale yo. Depi yo monte ti tren an, patron li fèl konnen, map depanse kòb la pou ou, men lè ou rive sou pouvwa a, men ti monopòl la doudous yo ke mwen bezwen ke ou banmwen yo, epi, pa fèm fache. Alò enstalasyon koripsyon an tou akonpli. Alò depi apeprè 2,700 lane, se konsa politik fonksyone. Se tris, men se konsa reyalite politik la mache.
Alò, RASH konstate ke politik la ak tout demokrasi a kondane pou yo pa janm fonksyone pou pèp vre, tout otan ke on chanjman sistematik e sistemik pa fèt. Li vin wè ke se paske monopolis yo baze tout sistèm nan sou kantite vòt san kalite. Nou pran tan nou pou mou analize, dekòtike, demonte problèm nan pyès pa pyès e nou etidye piès yo pou nou ka vin konpran ki kote problèm nan chita, ouswa ki kote malfonksyonman an chita ladan, Se lè sah, nou vin wè ke se pa on malediksyon ki chita sou pèp Aysyen ditou. Nou vin wè ke se on sistèm "chat konnen, rat konnen," on jwèt kat "le rouj e le nwa," setadi on sistèm panzou byen monte pou pèp la toujou pèdi paryaj la. Se lè sah nou deside ke fòk sistèm nan korije e rekonstwi kòrèkteman. Se lè sah, nou pran tan nou pou nou konsevwa on nouvo fòm demokrasi ki baze sou lanmou, konpasyon avèk konsyans ki pou tabli. Nou vin wè ke se pou li striktire de tèl fason ke depi lan kachitekti li, li se pou li gen de mezi mekanik, strukturèl, ak on sistèm filtrasyon pou fè li extrèmman difisil, si pa enposib menm, pou monopolis antre ladann pou yo vin koronp li. Ebyen mezanmi, se sistèm sah nou rele, "Supè-Demokrasi" a.