Politik, on Batay Spirituèl Nou Pèdi
Zanmi, Avan menm ou kòmanse li, klike sou bouton vèt anba a, pou ou ka koute ti chante sah, pou ou ka resisite nanm ou.
Mesi zanmi deske ou avèk nou toujou.
Byen an ap toujou ganyen la gè a kont Mal la, men sepandan, se pou nou aksepte, ke malgre tout bèl entansyon lèzòm, bon moun konn souzestime a ki nivo mal la kanni. Lè sa fèt, mal la konn ganyen on batay. Politik ak demokrasi nomal la se 2 bèl ide an teyori, men yo gen feblès yo ak suseptibilite yo, e se sa ki fè ke MONOPLISM rive kontamine yo jouk lan zo. Premye mezi pou nou pran lan gerizon nasyon Ayisyen an, se rekonèt lè nou pedi on batay. Se lè nou rekonèt ke nou pèdi on batay, ke nou ka chita pou nou analize ki kòz defèt nou. Si lè nou gade e nou wè ke se paske zam nou tap itlize a trò fèb, ouswa ke li defektif, lah menm gerizon an gentan kòmanse, e se lè sah, nap komanse konprann poukisa, RASH vin kreye nouvo fòm demokrasi sah, li rele Supè-Demokrasi a.
Rezon ki fè ke monopolism lan toujou vin produi on eta dyabolik, se paske moun sa yo ki lage kò yo lan monopolism la, vin posede pa on trinite de eneji drakonik, sètadi on (esans dragon). Trinite sah se egoyism la ki fè on boul avèk ògèy, vanite e la hèn pou tout moun e tout aksyon benevòl, setadi tout aksyon de charite ak konpasyon. Pou yomenm tout byenveyans sa yo, vin pou gate jwèt egoyism pa yo a, paske yo menm, se lan mizè lòt moun yo fè richès pa yo. Trinite dyabolik sah, vin reyini lan on sèl ego dezespere ak on maleng rayisab ki pa ka geri. Rezon ki fè ke ego a se on eneji drakonik, se paske moun nan ki posede pa trinite sah, panse e aji tankou nenpòt sèpan a venen, tel que on vipè, on kobra ouswa on sèpan a sonèt ki pa lan reflechi ni negosye ditou avèk tèt li avan li bay on lòt moun lanmò. Maladi drakonik sah, fè on moun panse ke existans li baze sou 2 grenn posibilite, yon se vin pi jigantik ke tout lòt zèt vivan pou li ka devore yo, ouswa pou li vin pi toxik e pi anpwazonan ke tout lòt zèt vivan pou li ka pike yo e ba yo lanmò. Si se sou aparans fizik wap gade, tout moun se moun, men tout moun pa gen menm nanm.
Si nou pran on seri de aparèy elektronik modèn, nap remake ke aparèy sa yo desine pou yo opere avek 2 sous eneji. Yonn lan sous eneji yo, se sous jeneratris kolektif la, ouswa on usin elektrik kap bay kouran an pèmanans, lòt la se on batri ki pèmèt ke aparèy la kontinue fonksyone tanporèman lè li pa konekte ak sous jeneratris la. Men si ou pa gentan rekonekte aparey la lan sous jeneratris la avan li dechaje, ni batri a e ni aparey la ap mouri. Youn vin pa kapab ede lòt. Ebyen si noumenm ti zòrey ròròt, nou kap konpran prensip doub sous eneji sah, se pa Sentespri a, lan sajès enfini li ki pou ta gen problem konpran nesesite sah.
Imen an tou gen 2 nanm. Se sa ki fè vodouizan an pale ou de Gro zanj ak ti zanj. Grozanj lan, se li ki konekte nou ak sous diven an, ki nanm La Jwa Pèmanan an, e ki gen aksè a la vi e la jwa imòtèl la. Ti zanj lan, se batri a e li pa ka bay eneji an pèmanans. Ti zanj lan sèlman ka anime kò a pou on sèten tan. Menm limenm, lè li fin dechaje li pa ka anime ni tèt li, ni kò a. Sa vin la kòz ke ni li, ni kò a vin pèdi plas li lan liv la vi e la jwa etènel la. Lè on moun konekte avek sous Diven an, moun nan toujou lan on litij ouswa on jijman anba obsèvasyon Diven an avek pròp tèt li. On mou ki konekte avèk Diven an pa ka fè nenpòt ki bagay ki pase lan tèt li, ni li pa kapab pran nenpòt ki chimen lan la vi a. Progrè materyèl moun sa yo ki konekte avèk diven an pa janm fasil. Yo toujou ap veye kò yo pou yo pa fin fè kado tou sa yo genyen, tèlman yo renmen bay. Malfktè ki pa konprann anyen lan bagay sa yo, toujou ap griyen dan yo, e panse ke moun sa yo ki konekte ak Sentespri a se on bann egare. Mèzalò moun sah yo ki konekte ak Diven an toujou ap kestyone tèt yo, e yo toujou konnen ke soufrans lòt moun, se soufrans pa yo tou. Gro zanj lan, se li ki kab elektrik la avèk chajè a ki konekte Avek Sentespri a, ouswa Lanmou Diven an ki pemèt ou viv lan mond "La Jwa Etènèl la." Alò moun sa yo nou wè ki pa gen problèm detwi la vi lòt moun pou on ti kras pouvwa materyèl e tanporè, ki pa janm ka rasazye de akimilasyon riches materyèl, se paske yo vide kout manchèt lan pròp grozanj yo, sètadi kab kouran avek chajè a ki konekte lan Lanmou Diven e Etènèl la. Se moun sah ki egare a, paske kòm li wè ti zanj lan ouswa batri a bali libète de viv san Sentespri a, li konprann ke se li ki pi entelijan pase tout moun, paske konsa li ka viv san li pa pede tout tan lan on litij ouswa lan on jijman avèk prop tèt li. Moun sah vin konprann ke li lib. Epoutan, si ou vin lib de lavi e la jwa etènel la, ou oblije vin esklav la soufrans.
*On ti Poz* 😉
Alò, menm jan ak on telefòn ou fin chaje ke ou dekonekte, Moun sa yo vin santi yo lib e libè pou yo pran nenpòt chimen lan lavi a. Menzalò, yo pa konpran ke libète sah trè, trè kout e si yo tèlman detwi pròp grozanj yo ki kab elektrik la avèk chajè a ki pou pèmèt yo rechaje batri a, ebyen kounye a ni grozanj e ni ti zanj pa fouti konekte yo a mond La Jwa Etènèl la. Alò on moun ki dewit grozanj li pou on ti enstan de libète total de Sentespri a, podyab moun sah, li vreman, vreman sòt. Pa gen okenn fòm richès sou planèt sah ki ka konpare avèk richès Sentespri a rezève pou ou a lan vi La Jwa Etènèl la,lè ou rete konekte avek li. Lè on moun dekonekte tèt li de Lanmou Sen an, li sispann moun. li vin on Sèpan ak venen, ouswa ak pwazon, ou swa on reptilyen drakonik. Li pa moun ankò, paske pou ou moun, fòk ou Imen. Mèzalò, gen sèpan drakonyen e gen sèpan konstriktè ki pa menm bagay. Sèpan drakonyen an mache pike tout sa ki gen malè al tonbe sou rout li, san konsyans e san konsiderasyon. Tandis ke sèpan konstriktè a, si ou ka prouvel ou pi fò pasel, lap lage ou paske li wè ke li paka manjew. Sèpan konstriktè a sèvi ak 2 men. Li konnen ke Tizanj la, sètadi batri a gen on limit e li konnen ke gen on kote ki rive, fòk li sispan fè mal e fòk li repanti, ouswa rekonektel avek Lanmou Sen an. Mèzalo, Imen an ap toujou gen otorite sou sèpan yo. Se sa ki fè ke Granmèt la te di se pou fanm nan kraze tèt sèpan an anba pyel. Si gen on Imen ki konn renmen se fanm.
Men gro mistè pou nou konpran nan. Pou ki sa, se sèpan an yo chwazi pou reprezante satan an?
Sekrè a chita lan vwayèl "U" a ke noumenm Aysyen prononse "I." "U" sah lan mo Umen an, tèl ke hUman an anglè, Umano Panyòl e anpil lòt lang pa lan mo a pou gremesi. Lèt yo se symbol yo ye. "U" a repezante desann pou ou remonte. Se sa ki fè Granfrè beni ou an, yo te rele Yechua, te di nou ke pèson paka monte lan syèl la, si se pat lan syèl la li te soti. Li tou di nou ke noumenm Umen, se temwanye nou vin temwanye existans Univè a lè nou desan sou planet la. Aprèsa, fòk nou remonte vin fè on sèl ak Lanmou Sen an. Alò, oumenm ki Umen, reziyen ou lè konsyans ou ap toumantew, reziyen ou pou tout tan ou lan konfli avek pròp tèt ou e reziyenw lè tout tan, ou oblije ap kestyone tèt ou sou sa wap fè pou ou ka konnen si li byen ou si li mal. Se sa ki fè ke Gran Frè nou an yo rele Yechua a, te di nou, sa ki renmen la vi li ap pèdu la vi li e sa ki rayi la vi li ap ganyen la vi li. Lè nou wè on moun lage kòl lan mal lib e libè epi anyen pa dil anyen, ouswa o kontrè menm , se dan li lap gryen, ebyen rezon ou wè lap ri a, se paske pou limen, dekonekte tèt li de Lanmou Sen an se libète. Po dyab yo.
Men pi gro sekrè a ke moun yo ki komanse antre lan mal, men ki poko fin peri nèt yo bezwen konnen an:
Enèji pa konn disparèt. Alò poze tèt nou kestyon sah. Si syèl la pa gen soufrans ladan, ki kote univè a pral klase tout soufrans nou koze yo? Aaah, nou konpran ke yo annik disparèt? Ala fasil bagay yo ta fasil! Ebyen lè a rive pou nou konprann ke gen on dimansyon ke lèzòm rele lanfè, ke univè a utilize kòm depotwa soufrans ak doulè e se la Univè a al lage tout soufrans ak tout doulè. Alò, batri ou a, ouswa ti zanj ou a lè li fini li pap itil ankò? Epi lè ou fin koupe kab kouran an avek detwi chajè ou a ak kout manchèt, se pou yo kitel ap fè fatra lan Univè a? Ebyen gen on kote yo rasanble fatra pou yo boulel li, menzalo, kòm eneji pa konn disparèt, dife sa pa janm fini nonplis. ant eneji mal ki pa ka disparèt e dife etènèl pou boule tout fatra, egal match nul ant mal ak dife, alo byen tou chanpyon.
Alò noumenm lan RASH, nou vin gade verite a an fas avek tèt klè e nou admèt ke malfektè yo ganyen batay politik la. Se pou sa nou deside ke fòk nou fini ak batay sah, e sèl jan pou nou fini avek li, se pou nou tou senpleman derasine, deploge, dekonekte e dekouple politik la de demokrasi a. Sa ki gen je pou yo li, kontinye li! Sa ki gen zòrey pou yo tande, tande! E sa ki gen sèvo pou yo konprann, konpran!