Zanmi, Avan menm ou kòmanse li, klike sou bouton vèt anba a, pou ou ka koute ti chante sah, pou ou ka resisite nanm ou.
Lan lòt peyi, yo rele sa, on Anagram. Alò, men explikasyon chak boul lan vèvè sah:
Reprezante kominote Ayisyen an sou tout planèt la, kèlkeswa kote lap viv la. Depi moun nan te gen nenpòt ki paranl, rive jouk sou on gran-gran pèl, ouswa on gran-gran mèl ki te Ayisyen, nou konsidere moun nan kòm on Aysyen ki fè pati de kominote mondyal Aysyen an. Nenpòt lan moun sa yo, ka fè demand pou vin manb RASH. Depi demand nan aprouve, moun sa vin on manb pasif RASH. Rash gen on syèl lap konstwi. Chak manb rash gen pou li idantifye 7 Ayisyen ke li konsidere kom moun ki vreman renmen Ayti, ki deja fè bèl bagay pozitif pou ede Ayti e ki abitye soutni oubyen elve lonè, respè, diyite avèk prestij Aysyen.
Lè moun nan fin pran san li pou li seleksyone 7 moun li konsidere kòm pami moun ki ta ka fè on bon travay lan administre peyi d'Ayti, moun nan gen pou li sinyale chwa li fè yo. Pou li sinyale chwa li yo, lap annik voye on list de moun li chwazi yo pa email bay RASH. RASH konsidere list 7 moun sah kòm on Konstelasyon 7 zetwal.
Email RASH se: rashlasolution777@gmail.com.
Ke se on moun popilè ke tout moun konnen, ke se on zanmi oubyen ou fanmi ke ou konnen kap travay onètman pou byen Ayti e pou pèp Aysyen an silans, san lòt moun pa konnen, ou mèt mete moun sah lan konstelasyon pa ou a, epi voyel bay RASH. Depi RASH piblye konstelasyon 7 zetwal ou a, ou vin konsidere kòm on manb aktif RASH. Se nou ki pou konnen ke se moun gro sèvo, bon kè ak gro konesans, e avek anpil lanmou lan kèl pou Aysyen, pou nou mete lan konstelasyon nou yo. Pa mete moun ki lan zak malonèt ak malfektè lan list nou. Depi RASH detekte yo, RASH ap elimine konstelasyon ou an.
Pami moun ki manb RASH yo, nap fòme on group spesyal de 144 kanzo, ouswa moun ki konpran sa ki rele sakrifis pou zòt, pou gratis ti cheri, san enterè pesonèl.
Pami 144 moun sa yo, nap seleksyone 24 Kanzo-Dedouble-Rasin-Kore. Alò, sa va fè 24 Kanzo-Dedouble-Rasin-Kore plis 120 asistan Kanzo pou bay 144 Kanzo.
Apre on sèten tan, RASH ap vin gen anpil konstelasyon zetwal lan syèl li a. Lè nou resi rive sou 4,320 zetwal siyale, RASH ap fè on lotri pou li manifeste on Galaxi de 21 Zetwal ki pral an chaj administre peyi a avèk pèp la. Alò men kijan nap manifeste galaxi sah.
a. Pou nou mete non on moun lan lotri a, fok non moun lan parèt lan omwens 7 konstelasyon. lè sah, moun sah ap gen 7 fich lan lotri a. Si on moun parèt lan 21 konstelasyon, ouswa plis, non moun sah, ap gen 21 fich lan lotri a e pa plis. Se 21 ki maximum fich yo on moun ka genyen lan lotri a. Mnm si on moun siyale plis ke 21 fwa, nap limite fich pou moun sah a 21. Rezon ki fè ke nou etabli on limit de 21, se pou nou bay moun nan avantaj li merite a, men an menm tan se pou evite Pote-Boure. Se pou nou evite ke kèlke swa moun nan ki ta ka gen anpil lajan, e ki ta vle peye on bann moun pou yo voye-monte ak pote-boure konstelasyon ak non kèk moun ki lan enterè pèsonèl yo. Limit la pap depase 21. Sah se on Sistèm Anti voye-monte ak Anti-Pote-Bouraj pou nou proteje entrgrite Lotri a.
b. Noumenm lan RASH nou pa itilize sèvo nou avek volonte nou sèlman. Lan tou sa nap fè, nou bay Sentespri Lanmou a denye chwa a. Se pou rezon sah ke nou pap seleksyone pèson noumenm. Pou nou jwen 21 zetwal galactik yo, nap fè on LOTRI ak non tout "aple a sèvi yo." Sa vle di, se sèlman si Sentespri a chwazi ou lan lotri a ke wap vin fè pati de galaxi 21 zetwal sèvitè yo. Sa ap fèt apre ke manb 144 kanzo yo fin verifye tout bagay e asire yo, ke tout bagay sòti prop lan lotri a sans okenn magouy. Nou gen entansyon fè lotri a anba je tout moun sou Youtube, pou tout moun wèl. Si 144 kanzo yo detekte ke on moun te triche, nap elimine moun sah e li pap janm ka seleksyone lan anyen RASH ap fè ankò. Se apre sa ke group kanzo ap kontakte moun yo ki sòti lan lotri a, pou explike yo ke pèp la avèk Sentespri a fè apèl a yo pou yo vin sèvi nasyon an e mande yo si yo dakò pou yo bay nasyon an sevis kòm manb Galaxi 21 Zetwal Administratif nasyon an. Alò lan RASH, se pa moun ki deside yap administre, se pèp la avek Sentespri a ki konvoke yo. Si on "Aple a Sevi" pa aksepte, na fè lòt lotri pou ranplase li.
Nap refè otan de lotri nesesè pou nou ranplase tout moun ki ta refize, jouk nou jwen 21 zetwal ki aksepte yo. Se 21 zetwal sa yo ki pral ranpli fonksyon de seleksyone moun pou administre tout pòs sevis nesesè pou peyi a dapre kalifikasyon yo ak repitasyon yo. Sètadi 21 zetwal sa yo, se yo kap volan aparey administratif peyi a.
Anba sajès Galaxi 21 Zetwal yo, ap gen 5 branch. Alò ti boul ki gen nimero 5 lan reprezante branch lan pyebwa a ki pral jere tout sa ki gen pou wè avèk enterè komen ant Ayti e kominote entenasyonal la, ouswa lòt peyi, ki gen pou wè avèk devlopman ekonomik, syantifik, teknolojik, prezèvasyon entegrite ekolojik, ak sante la nati sou tè a. RASH ap toujou bay prezèvasyon ekolojik la avek sante la nati, priyorite sou tout lòt bagay. Tout lòt progrè gen pou yo akòde yo avek prensip sah.
Branch sah, se li kap reponsab devlopman la jenès, setadi, edikasyon akademik e fonksyonèl, Spò ak atletism, Echanj kiltirèl, nasyonal e entènasyonal, Art, artizana, Evenman mizikal touris ak lwazi.
Branch sah, se branch diagnostikatè de problèm fizik, striktirèl e mekanik yo ke pèp la ap afronte, tèl ke tout bezwen ke pèp la genyen, kòm la sante, rout, sekirite, dlo pou yo fonksyone kòrekteman, klinik, lekòl e latriye.
Branch sah, se Branch Sosyoloji nasyon an, kap responsab eta lespri pèp Aysyen an pou analize e idantifye tout vye fason de panse ki gen tandans anpeche nasyon nou an avanse e ki ka sujere de terapi ak de program edikasyon pou ede pèp la dezaprann vye panse negatif ak reaprann panse lòt jan pou pròp progrè li avek byenèt li.
Branch sah, lè tout lòt branch fin reyini avek Galaxi 21 an e ke tout plan fin prioritize e on budjè fin byen kalkile dapre kapasite ekonomik peyi a, se li ki pral exzekite plan yo jan yo preskri yo a.
Alò Youn lan travay Galaxi 21 zetwal administratif la, se veye vòlè. Galaxi 21 zetwal la ap gen ekip suveyans li kont koripsyon, e 144 kanzo yo ap gen ekip siveyans pa yo, kont koripsyon. Tou 2 ekip sa yo gen pou yo kolabore pou veye vòlè ak trèt, mèzalò, ekip anti-koripsyon 144 kanzo a, ap toujou gen dènye mo.
Alò mezanmi, men baz Supè-Demokrasi a. RASH swete ke nou renmenl. Nenpòt sujestyon nou ta ka genyen, nou gendwa fèl lan youn lan group Whatsapp RASH yo ki apropriye pou sa, ouswa pa kourye elektronik, sètadi Email RASH la ki: rashlasolution777@gmail.com.
Nap jwen group diskisyon yo anba kominote Whatsapp la ki rele RASH 3-Fey, 3-Rasino a.
Denye paj RASH la rele Anba Lavil. Se on Paj Itilite piblik pou pèmèt Aysyen anrichi Aysyen parey yo e resisite esans Aysyèn nan ak apatenans nou a Kolektivite bèl moun sa yo, nou rele Nansyon Aysyen.