Zanmi, Avan menm ou kòmanse li, klike sou bouton vèt anba a, pou ou ka koute ti chante sah, pou ou ka resisite nanm ou.
Pankat sah: rezève pou anons katastròf ak Kataklism Naturèl, tèl ke Siklòn, Tranblemman de Tè, vòlkan, sounami, epidemi e latriye.
Menm jan an, li rezève tou pou anons ka kritik ak kalamite, kreye pa aksyon malefik ke lèzom poze.
Pèp Aysyen, jou a rive pou nou konprann ke se toujou devan on miwa ke rout enbesil fini.
Yo plake gro so sou do nou.
Lè yo fè sa, se pa pou fè moun ri ke yo fè li.
Lè yo fè sa, yo gen plan pou nou.
Lè yo fè sa yo pral manyen nou.
Epòk ensètitud la pase.
Epòk pa pran tèt nou o serye a pase.
Epòk bondye bon an pase.
Epòk Tatezo Flengo (tatonman) a pase.
Pèp Etazini pale e li pale klè. Gen moun lan peyi li, ki pa enteresel.
Kounye a, se deside si wap sòti ak tèt dwat ouswa ak tèt bese.
Kouney a, se chwazi ki kote nou vle kanpe pou nou lite.
Lè nou we klòch ap pede sonnen lan tèt nou, epi nou refize leve, gendwa se tranbleman de tè kap fèl sonnnen. Ou gendwa rete konsa, epi se sou ou menm klòch la vin tonbe. Frè ak sè Aysyen, nou dòmi di anpil, nou dòmi trò di, men petèt fwa sah, Klòch la sonnen ase fò pou nou reveye.
konpran ke epòk rayi zòt la paske la vi a ba li on ti benediksyon ke oumenm ou pa jwenn, san ou pa konprann ki sakrifis zòt te fè pou li jwen benediksyon an pase. Ou pa menm konnen ki kantite live ak ki kantite tan zòt te fè ap mete bèt lan tèt li. Ou pa menm konpran ki kantite imilyasyon ak mizè zòt te oblije vale pou li kenbe on travay pou li te ka reyalize rèv li. Ou pa menm konprann ke byen souvan rèv li se tounen vin fè on bagay pozitif pou peyi li e pou oumenm nan , ki pa vle wèl la. Nou konprann ke lè on moun ganyen on ti benediksyon, se paske Sentespri a te wèl, men nou menm li pat wè nou? E poutan pa gen anyen li pa wè.
Epòk detwi lavi frè nou yo ak sè nou yo, anba kout lang, anba pwazon, anba wonga, anba poud, anba zam blanch, anba zam a fe a, fèt pou li kanpe la menm, paske yo deja sinyale nou kòm vyann a sakrifye.
Vwazen an gen lontan li vle detwi nou. Kounye a, li gen tout lisans ak tout pèmi pou li fè sa, paske yo plake mak sou do nou kòm si nou mwens ke moun.
Epòk lougawou a dwe fini kounye a menm. Afè depi nou wè on moun vin devan nou pou li vin ede nou an, nou gentan ap anvizaje kijan nou pral manje moun sah dwe pou fini kounye a menm. Se moun nou ye. Se pou nou sispann aji tankou moustik ki depi yo wè on moun nouvo lan zòn nan, fòk nou plonje sou li pou nou souse dènye ti san lan ko li. Sispan aji tankou moustik paske nou pa moustik. Aji an gran pèp diy nou ye vreman an. Ranmase karaktè nou avèk konpa nou, pou nou ka viv ak diyite. Pòv pa vle di pou ou pa gen diyite. On pòv ki diy pi rich pase on milyonè ki san diyite.
Sèl chans nou genyen, se trete chak vye grenn frè Aysyen nou rankontre tankou si se Jezi (Legba) menm nou rankontre sou rout nou e chak vye grenn sè nou rankontre, se pou nou tretel tankou si se la vièj Mari (Èzili) menm nou rankontre sou rout nou. Se sèl lè nou vin aprann renmen lòt ak renmen byen pou lòt ke lwa resif la ap desan sou nou. Lè sah, zafè sak konprann lap vin monte sou nou. Se sèl chans nou.
Pep Aysyen se epòk lanmou youn pou lòt la ki rive sou nou lah. Degaje nou pou nou ranmasel ak 2 men.
Resèt sah mwen ban nou lah, Preskripsyon pou maladi mòtel sah mwen ban nou lah, si nou pa swiv li, lòt pèp ap manje nou grenn pa grenn, sou dan devan.
Kreyòl pale, Kreyòl konprann.