Chante ka resisite nanm nou.
RASH se on group Aysyen ki deside re-afime ke tè Ayti a se pou nasyon Aysyen an ke li ye, e ke nasyon Aysyen an se li ki pou pran destine pal lan menl. Nou vin wè ke politisyen yo ki te supoze fè travay de raple etranje yo regulyèman ke se Aysyen ki mèt tè Ayti a e ke pèp Aysyen an se on nasyon a respekte tankou tout nasyon. Menm jan ke lè ou gen on moso tè, fok tanzantan ou fè on rafrechisman de lizyè, se menm jan an ke on nasyon sipoze gen moun ki la pou rafrechi memwa etranje anvayisè yo ke nou se on nasyon defini, ak on teritwa defini. Alò RASH se on group Ayisyen ki reyalize ke lè noumenm Aysyen vin konprann sa, jou sah soley Ayti va gen pou li leve kanmem.
Nou pa gen dout ke nou gen ase bon Aysyen sou planèt la ki chaje ak lanmou lan kè yo e jeni lan sèvo yo pou nou transfome pèp Ayisyen an ak peyi Ayti an on exanp pou planèt la. Lè nou reflechi, nou pa wè rezon ki pou anpeche nou fè apèl a tout Aysyen sa yo, kèlkeswa ki moun li ye a, atravè glòb terès la. Depi moun nan gen on lanmou sensè pou pèp Aysyen ak peyi Ayti e li dispoze fè konbit avek nou, nap louvri pòt pou li. Se pou nou profite ke teknoloji a ba nou tout zouti nesesè yo pou nou kominike youn ak lòt, kèlke swa kote on grenn frè ak on grenn sè Aysyen ka trouve li ye sou glòb la.
Pou noumenm lan RASH, definisyon, mo "Aysyen" an vle di "Youn Renmen Lòt." Se pou sa ke nou su ke depi nou ka reyini lanmou sah pou nou fè on sèl mas, pa gen mwayen pou nou pa kreye on solèy lanmou. Depi solèy parèt, fòk jou louvri kanmen. Nou fin pa konpran ke se pa, pa aksidan, ke nou vin bliye pi gro zouti ki rele Lanmou a, ke Sentespri a te ba nou, pou nou lute kont fòs fè nwa a. Se fòs fè nwa sah, kap fini avek planèt la. Nou reyisi konpran ke se on sistem edikasyon ke nou resevwa, ki fè nou tout kwè ke se lajan ki sèl objektif prensipal lavi a. Zouti ki rele Lanmou an, se Sentespri a ki kreyel, menzalò gen on zouti ki rele lajan, se lèzòm ki kreyel.
Alò ki lès lan 2 zouti sa yo nou panse kap gen la vikwa kanmèm? Nou pa timoun egare. Se pou sa nou konprann klèman ke lajan enpòtan paske se on zouti ki pèmèt moun fè echanj fasil, men se sèlman on zouti li ye. Li pa tout rezon existans on moun ni nanm moun nan, ni on misyon valab pou on moun sou tè a. Noumenm lan RASH, kòm nou konprann ke lajan se on senp zouti ke lèzòm kreye, nou konsyan ke nou paka moun, epi nou kite ke se on zouti ke lèzòm kreye kap kontrole nou. Se noumenm kòm moun ki pou kontrole zouti a. Le ou kite zouti yo rele lajan an kontrolew, se mal sèlman lap fè ou fè e lap devore tout nanm ou. Mèzalò, lè se ou ki mèt zouti a, se byen ou fè avek li. Se prensip sah ke sistem edikasyon nou an pa anseye nou, e se sa ki mennen nou lan kalite fènwa nap sibi jounen jodi a.
Noumenm lan RASH nou konpran prensip la, nou dijere li, nou asimile li e nou dekouvri ki sa kap pede donnen fènwa sah an Ayti. Nou konprann ki sa nou dwe fè pou nou geri bèl ti peyi nou an e remete la jwa de exziste e la jwa de viv lan kè bèl ti pèp inosan nou an. Se sa ki fè ke RASH pa ni on pati politik e ni on relijyon. nou senpleman vin konpran si bon pa pale, se nòmal pou se mal kap pale. Alò, se sa ki RASH la.
Alò frèm ak sèm, mo dòd nou se: PA GEN LACH LAN RASH!