Salu e byenvenu frè ak sè nou. RASH, konprann trè byen ke nap viv lan on mond supè-boulvèse ki rann tèt tout moun cho kou vè lanp. Nou konnen ke tou moun lan on "Mache-Prese San-Pran-Souf" tout tan e yo vin trè enpasyan. Sa vin fè ke yo pa renmen li anpil. Alò, Sil vou plè, konsidere RASH kòm on òganizasyon ki tabli on nouvo testaman pou Pèp Aysyen an e peyi Ayti. Testaman sah mande anpil lektu.
Si ou pami moun yo ki pa gen tan ou byen pa gen pasyans pou fè tròp lektu, annik klike sou link Youtube suivan an pou ou ka pran on ti ''Avan Gou'' sou direksyon RASH vle pran an. Si ou vle konpran RASH pi byen, annik klike sou bouton ki make *REJISTRASYON* an. Pou nenpot Lot Kestyon nou ka genyen, voye on email pou nou lan rashlasolution777@gmail.com.
Chante ka resisite nanm nou.
Depi an patan, nou deklare ke RASH se:
"On Propozisyon de on Nouvo Chimen ak on nouvo direksyon ki ka pèmèt nou konstwi on Sosyete Sen ak on Sivilizasyon Durab."
Si ou sou on konpitè, gade anlè a dwat, si ou sou on telefòn potatil, gade anlè a gòch pou ou navige sit la.
Lè nou fin abitye ak Website RASH la, nap vin santi tankou si, se Ayti menm nou ye, men se on Ayti Virtuel ki ap sèvi nou de gid e de modèl pou nou rekonstwi Ayti tout bon an.
Nap tou avètiw, Website RASH la pa piti. Se on gro tonton website ki kouvri anpil aspè ak anpil bagay ki enterese Aysyen sou tout planèt la. Website RASH la, gen prensipalman de posyon. On posyon filozofik ak on posyon Itilite Nasyonal.
Website la gen 12 paj ladan. Lan 12 paj sa yo, 10 ladan yo, se Paj Filozofik ki etale filozofi RASH. Apre sa, wap jwenn 2 paj de Itilite Nasyonal.
10 paj filozofik yo gen anpil enfomasyon andedan tankou si se on ti liv 20 paj ke ou gen pou ou li pou ou konprann RASH. Alò zanmi, ou pa bezwen prese li tout on sèl kou si ou se on moun ki okipe anpil. Tanzantan, wa rale on ti chèz pou ou li Paj Filozofik yo, jouk ou vinn konpran lespri RASH. Ou pap regrèt que ou te pran tan ou pou ou etudye tout lè 12 paj yo.
Sa ap pran on ti tan pou ou abitye ak konpran sa RASH ye. Website RASH la gen anpil koze ladann. Pou on moun pran san li poul li e konprann kalite propozisyon monumantal sah ke RASH ap prezante a, fòk ou vreman renmen Ayti avek Aysyen anpil.
Apre Paj Filozofik yo, ou pral jwen on manman paj ki rele Anba Lavil. Anba paj Anba Lavil la, wap jwen tout paj Sektoryèl e de Itilite Nasyonal yo. Anba Paj Sektoryèl yo, se la wap jwen tou Paj Aktivite Spesifik yo. Se pou ede Aysyen sou tout glob la, re-dekouvri sans apatenans yo lan totalite gran nasyon liberatè sah nou rele Nanchon Aysyen an. Paj sektoryèl sa yo, gen on ti flèch a gòch yo. Lè nou klike sou ti flèch sa yo nap jwen paj Activite Spesifik yo.
Entansyon nou se reyalize rève nou an de reyini pèp nou an, atravè on konvèjans fratènèl e amonik de kolektivite global sah, nou rele pèp Aysyen an.
Tout anba paj sah, chaje ak enfomasyon sou ki jan pou ou kontakte RASH e ki jan pou ou patisipe lan RASH a travè Whatsapp. Si ou se on moun prudan e ki renmen pran prekosyon avan ou antre pie ou trò fon lan sa ou poko fin konprann, ou gendwa antre lan group Whatsapp nou an ki rele, Rezon Mwen Vle Lan Rash. Group Whatsapp sah, pèmèt ou pran tan ou pou ou vin abitue ak RASH, san ou pa antre lan gro kominote RASH la ki gen plizye lòt group ladann.
Entansyon group sah, se bay nenpòt Aysyen on ti espas kote li ka bay opinyon pèsonèl li sou sa ki ap pase evèk nasyon nou an, pataje experians lap viv kòm Aysyen, ni an Ayti, ni a l'etranje, rèv li avèk ide li genyenn pou nou rekonstwi peyi a.
Sa nou ta renmen wè sou group sah, se mesaj an fòm de text ouswa mesaj a l'oral ''Voice Message.'' Sil vou plè, rann nou sèvis la, pa pede ap poste videyo nou ranmase lòt kote lan group sah. An nou rezève group sah pou nou fe on Konvèsasyon Nasyonal, serieu e dinamik pou nou jwen solusyon pou problèm kritik yo nap konfronte kòm Aysyen.
Email RASH: rashlasolution777@gmail.com
Atansyon! Website sah (Paj Entènèt sah) se propriyete entelektuèl RASH LA SOLUTION LLC. Tout dwa rezève.