Zanmi, Avan menm ou kòmanse li, klike sou bouton vèt anba a, pou ou ka koute ti chante sah, pou ou ka resisite nanm ou.
Salu Zanmi
Paj sah, se tankou on pòtay pou ou antre lan "Vil Dijital RASHlasolution" an pou ou al achte on bagay ouswa al chèche on sèvis.
Si ou gade bouton paj la avan ou antre ladann, wap wè a gòch li, gen on ti flèch.
Annik klike sou ti flèch la, epi wap vin wè ke gen lòt paj anba paj Anba Lavil la. Lòt paj sa yo, se Paj Sektoryèl yo ye. Chak sectè Anba Lavil gen paj pal. Annik klike sou ti flech ki a gòch Paj Sektoryèl yo pou ou vizite tout paj Aktivite Spesifik yo kap bouyi lan vil la, tèl ke Sinema, Manje, Swen La Sante, Doktè, Automobil, Transpòtasyon ak tout lòt bagay ki ta ka enterese nou.
Depi se ti flèch ou wè, se klike sou li pou ou ka dekouvri tout sak ki genyen Anba Lavil.
Paj sah aksesib a tout Aysyen sou planet la. Paj sah, se on Anba Lavil virtuèl pou tout Aysyen nèt. Nou vle ankouraje Aysisyen negosye anpil avèk Aysyen Parey yo.
Pou nou ranje Ayti, nap bezwen anpil resous ekonomik, men olye pou nou toujou ap depann sou èd etranje, nou ta renmen ke se nou menm Aysyen dabò, ki an tèt, lan ede ranje pròp peyi nou ak pròp fòs ekonomik nou.
A kòz de sa, obligatwaman, li vin lan enterè nou pou nou ede tout Aysyen parèy nou prospere plis e vin pi rich avèk espwa ke si nou ap byen mennen, lap pi fasil pou nou ede sa ki an ayti yo ki konplètman defavorize yo.
Alò, olye pou nou toujou ap kouri al pote kòb nou bay etranje, lè nou bezwen achete on bagay, ouswa jwenn on sevis, kounye a, nou gen paj sah pou ede nou brase richès nou ant noumenm.
Se Konsa ke ofi e a mezi, youn ap vin anrichi lòt, epi se konsa nap vin gen plis mwayen ekonomik lan men nou pou nou ede peyi nou an devlope rapid.
KANAL LA PAP KANPE
Depi se Aysyen ou ye, ouswa ou vle negosye avèk Aysyen,
annik kontakte nou pou nou kreye on KLE KANALIZASYON pou ou ouswa, (on bouton) lan yon lan paj Aktivite Spesifik yo. Lè on moun klike sou li, li mennen moun nan sou prop website antrepriz ou a, spesyalite ou a, ou swa, projè ou a. Depi ou gen on Kle Kanalizasyon lan Anba Lavil, ou otomatikman prezan lan Ayti Virtuèl RASHlasolution an.
Ou ka ap poze tèt ou kestyon, kisa komès ak antrepriz gen pou wè avèk Supè-Demokrasi a? Noumenm lan RASH, nou vle demontre ke malgre nou gaye sou tout planèt la, gras a teknoloji a, nou kapab kole zepol yon ak lòt, e konsolide idantite Aysyen nou, pou nou fonksyone nòmalman anba prensip Unyon fè La Fòs la, anatandan nou jwenn mwayen pou nou tounen al viv sou ti bout tè nou an.
Lame Lezanj nou gen lontan nap tann pou vin sove nou a, se noumenm, menm li ye.
Pa bliye. Si ou vle konn tout ativite ki exziste Anba Lavil, Klike sou to flèch la ki a gòch tit paj Anba Lavil la.
Atansyon, atansyon! Pa koutwazi, nou chwazi Plizoumwens o azar, kèlke antrepriz Aysyen e nou ba yo on KLE KANALIZASYON gratis pou on tan limite. Se anons gratis nou ba yo pou on tan limite. Nou fè sa pou nou ede tout moun ki vin vizite Website RASH konpran ANBA LAVIL la pi fasil. Nou poko spesifye tan limite sah. Pou le moman, nou dispoze bay yon mwa gratis. Dapre demand piblik la, nap konsidere ajoute on extansyon de 2 mwa gratis anplis. Nou konprann trè byen ke on moun ouswa on antrepriz gen dwa pa vle gen onkenn koneksyon ak RASH. Konsa tou RASH reseve dwa li pou li pa asosye ak on moun ouswa on antite ki tro problematik. Si ou ta vin Wè ke Anba Lavil RASH la gen on KLE REKANALIZASYON pou antrepriz ou a e sa pa fè ou plezi, annik voye on kourye elektronik pou nou lan rashlasolution777@gmail.com. Nap fè tout posib nou pou nou efase KLE KANALIZASYON ou pa vle a lan mwens ke 3 semèn. Menzalo, fok ou bay prèv ke se ou ki mèt antrepriz la ouswa antite a. Nou pap efase on KLE KANALIZASYON to senpleman paske nenpot moun mande sa.