Zanmi, Avan menm ou kòmanse li, klike sou bouton vèt anba a, pou ou ka koute ti chante sah, pou ou ka resisite nanm ou.
RASH, pèsuade ke pi gro epe damoklès ki pandye sou tèt Pèp Aysyen, se mank de kapasite pou li bay tèt li manje san li pa depan de lòt peyi.
Se menm jan an, ke RASH pèsuade ke pi gro chanjman pozitif Aysyen ka fè pou geri nasyon an, se pou tout kiltivatè sispann travay poukont yo e fòme on "Kongre Sineji Kiltivatè Aysyen".
Se pou sa, nou envite tout kiltivatè Aysyen, pou yo vin reyini sou paj RASH sah e tou fòme kongrè sah, lah menm. Annik voye on email bay rashlasolition777@gmail.com e mande nou kreye on Kle Kanalizasyon sou paj sah pou ou. Pa blye mete dezinyasyon projè ou a avèk adrès entenèt website ou a, ouswa adrès entènèt Facebook projè ou a, ak nimero telefòn whatsap ou.
Kominote Whatsapp RASH 3-Fey, 3-Rasino a, gen on group Ladan ki rele RASH, KONBIT PITIT AYZAN. Rash envite tout kiltivatè pou yo vin manb aktif RASH, vin fè diskisyon, konferans telefonik e vin chèche solisyon lan Tèt kole, pou retire epe damoklès sah sou tèt pèp Aysyen an. Mond nan frajil anpil sè jou si. Met sou li, lè yap goumen, gen ladan yo ki soti pou yo siye san sou nou. Pye kout pran devan.