Lekòl Piblik Boston (BPS) bay sèvis entèpretasyon oral nan nèf lang prensipal ke fanmi ki gen timoun ki ale nan lekòl Boston yo pale. Lang sa yo se Arab, Kap Vèdyen, Chinwa, Franse, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Somalyen, Espayòl, ak Vyetnamyen. Anplis lang sa yo, BPS bay sipò parapò a lòt lang sou demann.
Entèpretasyon gen pou wè avèk konpetans pou koute yon mesaj transmèt nan yon lang epi rann li nan yon lòt lang, swa aloral oswa atravè lang siy.
Tou depan de nati reyinyon an, Distri a ekipe pou l bay sèvis entèpretasyon konsekitif (youn apre lòt) oswa similtane (an menm tan) ansanm ak Lang Siy Ameriken « American Sign Language, ASL, » ak Aksè Kominikasyon Tradiksyon an tan Reyèl « Communication Access Real-Time Translation » (CART).
Konsekitif : entèpretasyon konsekitif (youn apre lòt) se lè yon entèprèt entèprete diskou apre oratè orijinal la te pran yon poz oswa te fin pale.
Similtane : entèpretasyon similtane vle di lè yon entèprèt travay an tan reyèl, ap pale san okenn poz.
Lis sa a bay egzanp lè sèvis entèprèt (an pèsòn, aleka, nan telefòn) aksesib :
Reyinyon IEP/504
Reyinyon disciplinè
Konferans ant paran ak pwofesè/konferans Distri a
Reyinyon Komite Skolè a
Pòt ouvè yo
Reyinyon gwoup paran yo (DELAC/SpedPac)
Gradyasyon (seremoni remiz diplòm)
Paran/Gadyen Responsab : Si w bezwen sèvis tradiksyon ak/oswa entèpretasyon, kontakte biwo prensipal lekòl pitit ou a/pitit(yo). Si lang kominikasyon w pi pito a pa Angle, Distri a/Lekòl la dwe ba w « Enfòmasyon Esansyèl yo » nan lang ou spesifye a. Tanpri egzamine Feyè Enfòmasyon DOJ a (Ministè Lajistis la) ki klarifye dwa ou genyen parapò a aksè nan sèvis lang sou paj Resous ak Konsèy la.