Reyaksyon/Kòmantè konsènan Aksè nan Sèvis Lang
العربية, Cabo-Verdiano, 中文, English, Français, Kreyòl Ayisyen, Portuguese, Soomaali, Español, Tiếng Việt
Biwo pou Aksè nan Sèvis Lang (OLAS) Lekòl Piblik Boston an (BPS) angaje l pou l bay fanmi yo, enkli moun ki bezwen kominikasyon nan yon lòt lang ki pa Angle, aksè nan tout sèvis, aktivite ak pwogram distri a. Angajman sa a gen ladan l tou asire ke Distri a kontinye amelyore, aplike, e prezève aksè nan sèvis lang ki akomode divès lang divèsifye fanmi BPS yo pale.
Pou asire ke kalite sèvis tradiksyon ak entèpretasyon ki founi yo satisfè atant distri a ak tout pati enterese yo, nou ta renmen tande dizon paran/gadyen BPS yo. Entansyon nou se kreye yon espas kote nou kab tande e konsider vwa tout paran, kèlkeswa lang yo pale. Tanpri ranpli fòmilè Reyaksyon Paran an (Parent Feedback) ak tout konpliman, enkyetid, defi, ak sijesyon ou yo pou amelyore aksè nan sèvis lang yo an jeneral.
Pou ranpli fòmilè an, tanpri chwazi lang ou pi pito a epi woule desann pou klike sou next (« pwochen »). Ou ka eskane kòd QR ki sou bò dwat la tou pou w itilize aparèy mobil ou pou ranpli fòmilè an.
Epitou, ou kapab enprime, ranpli, e remèt fòmilè a nan lekòl ou a epi/oswa voye li bay OLAS. Fòmilè yo disponib kounye a nan nèf lang prensipal distri a epi yo lye anba a pou konvenyans ou.
Arab, Kap Vèdyen, Chinwa, Angle, Franse, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Somali, Espayòl, Vyetnamyen