Sèvis pou aksè lengwistik
العربية| Kabuverdianu| 中文| English| Français| Kreyòl Ayisyen| Português| Soomaali| Español| Tiếng Việt
العربية| Kabuverdianu| 中文| English| Français| Kreyòl Ayisyen| Português| Soomaali| Español| Tiếng Việt
Aksè lengwistik (aksè nan afè lang) se yon eleman esansyèl pou asire ke tout moun gen aksè egal a divès enfòmasyon ak sèvis. Pou moun ki pa pale anglè byen, li enpòtan anpil pou yo kapab kominike byen e jwenn aksè a enfòmasyon nan lang yo prefere a. Menm jan aranjman fèt pou moun ki gen andikap fizik, rann aksè nan lang disponib se yon pati entegral nan bati yon sosyete enklizif e aksesib.
Pou rezon sa a, BPS angaje l pou l bay chak paran enfòmasyon nan yon lang yo ka konprann. Sa ede asire ke tout moun byen enfòme e ka patisipe nan edikasyon pitit yo. Nou fyè anpil dèske nou gen règleman sa a an plas epi n ap kontinye bay priyorite a kominikasyon efikas a tout paran yo.
Biwo pou Sèvis nan Aksè Lengwistik (OLAS) fasilite disponiblite sèvis aksè lang, sa ki fè kominikasyon posib ant distri BPS la ak fanmi li yo. Nou bay plizyè sèvis pou satisfè bezwen lekòl nou yo ak fanmi yo. Ou ka klike sou lyen sila yo ki anba a pou w aprann plis sou sèvis nou yo.
Tanpri klike sou lyen sila yo ki nan pati anwo a pou plis enfòmasyon.