Ekipman Entèpretasyon
بية | Kabuverdianu | 中文 | English | Français | Kreyòl Ayisyen | Português | Soomaali | Español | Tiếng Việt
بية | Kabuverdianu | 中文 | English | Français | Kreyòl Ayisyen | Português | Soomaali | Español | Tiếng Việt
Itilizsayon ekipman entèpretasyon asire ke baryè ki egziste parapò a lang pa sèvi kòm obstak nan afè kominikasyon, pi patikilyeman nan gran piblik. Ekipman entèpretasyon sa yo disponib toupatou nan distri a, e paran yo kapab mande lekòl pa yo pou plis enfòmasyon. Ekipman an pèmèt entèprèt yo kominike mesaj ki di an anglè yo nan yon emetè (transceiver) ki transmèt yo bay divès reseptè patikilye, ke fanmi ki gen konpetans limite nan angle yo itilize pou tande mesaj yo nan lang pa yo.
Lè nou sèvi ak ekipman entèpretasyon an, paran ak fanmi ki pa pale angle ka gen aksè a enfòmasyon enpòtan ki otreman ta difisil pou yo konprann. Moun ka itilize ekipman nan divès senaryo, tankou evènman pòt ouvè lekòl yo, reyinyon Komite Skolè yo, ak reyinyon distri a, pami lòt evènman ankò. Sa se yon fason ekselan pou asire ke tout fanmi yo enkli, e ke yo gen opòtinite egal ego pou jwenn enfòmasyon ki esansyèl pou edikasyon pitit yo.
Sèvis sa a kreye pou ede anplwaye biwo santral la ak anplwaye lekòl yo reponn a bezwen fanmi yo parapò a kominikasyon lang.