Search this site
Embedded Files
Aksè nan Sèvis Lang
  • Paj Dakèy
  • Ekip OLAS
  • Sèvis
    • Tradiksyon
    • Entèpretasyon
    • Telefonik
    • ParentSquare
    • Translatelive
    • Ekipman Entèpretasyon
  • Reyaksyon/Kòmantè
  • Resous ak Konsèy
Aksè nan Sèvis Lang
  • Paj Dakèy
  • Ekip OLAS
  • Sèvis
    • Tradiksyon
    • Entèpretasyon
    • Telefonik
    • ParentSquare
    • Translatelive
    • Ekipman Entèpretasyon
  • Reyaksyon/Kòmantè
  • Resous ak Konsèy
  • More
    • Paj Dakèy
    • Ekip OLAS
    • Sèvis
      • Tradiksyon
      • Entèpretasyon
      • Telefonik
      • ParentSquare
      • Translatelive
      • Ekipman Entèpretasyon
    • Reyaksyon/Kòmantè
    • Resous ak Konsèy

ParentSquare

  Kabuverdianu  |   中文  |  English  |  Français  | Kreyòl Ayisyen  | Português  |  Soomaali  |  Español  |  Tiếng Việt  العربية 

Lekòl Piblik Boston (BPS) arive etabli yon patenarya avèk ParentSquare, yon platfòm miltileng (divès kalite lang), pou rann li pi fasil pou fanmi yo konekte avèk distri a, lekòl yo, ak pwofesè yo. Distri a te kòmanse itilize ParentSquare an out 2024 pou senplifye kominikasyon e ankouraje plis patisipasyon bò kote fanmi yo.

Avèk ParentSquare, kominikasyon ap fasil epi tout bagay ap yon sèl kote !

 Ou kapab :

  • Jwenn mizajou enpòtan sou lekòl yo ak klas yo dirèkteman

  • Pataje e resevwa foto ak dokiman

  • Suiv evènman lekòl yo avèk yon kalandriye santral

  • Anrejistre pou jwenn opòtinite pou travay kòm volontè byen fasil

  • Pwograme reyinyon avèk pwofesè yo

  • Ou kapab pèsonalize notifikasyon w yo pou w resevwa mesaj tousuit oswa kòm yon rezime kotidyen atravè imel, tèks, oswa app (aplikasyon). 

Platfòm nan arive gen yon app mobil senp ki fonksyone sou aparèy iPhone ak Android. Sa rann li fasil pou w jwenn enfòmasyon nenpòt lè w bezwen l, kèlkeswa kote w ye. Epitou li tradui mesaj yo nan lang ou dekwa pou w kapab konprann yo pi byen. 

Video pou paran yo - Pou kòmanse

Paran - Tou ParentSquare

Paran - Itilize aplikasyon paran yo

Bibliyotèk ParentSquare pou paran

Aplikasyon (App) ParentSquare la pou fanmi, te kreye pou ni aparèy Apple ni aparèy Android ! Klike sou bouton sila yo ki nan pati anaba a, skane kòd QR apwopriye a, oswa tape lyen an pou w telechaje app la nan magazen Apple Store la oswa magazen Google Play la. Itilize lang nou pale lakay nou pou n rantre an kontak avèk pwofesè yo ak administratè yo atravè platfòm ParentSquare la (app sa a). 

Magazen aplikasyon « Apple App Store » la



Lyen pou magazen aplikasyon « Google Play App Store » la

Report abuse
Page details
Page updated
Report abuse