Resous ak Konsèy
العربية, Cabo-Verdiano, 中文, English, Français, Kreyòl Ayisyen, Portuguese, Soomaali, Español, Tiếng Việt
Feyè Enfòmasyon LEP pou Paran an ke Depatman Lajistis Etazini a « United States Department of Justice » ekri a trete plizyè kalite kesyon komen ki gen rapò ak dwa paran ak gadyen responsab ki pa konpetan nan lang angle, ansanm ak responsablite lekòl yo ak distri yo pou bay asistans parapò a sèvis lang. Feyè enfòmasyon an bay bonjan enfòmasyon sou fason lekòl yo ak distri yo ka kominike avèk paran ak gadyen ki gen yon konpetans limite nan angle nan yon fason efikas ak sou divès etap yo dwe pran pou asire obstak lang yo pa anpeche pwogrè akademik pitit yo.
Klike sou lyen patikilye lang ou an pou w jwenn plis enfòmasyon !
English | Tiếng Việt | Soomaali | Português | 中文 | Kriolu di Kabu Verdi | Kreyòl Ayisyen | العربية | Français | Español
Fòmilè egzansyon pou aksè nan sèvis lang yo : Paran ki gen konpetans limite nan lang angle ki refize sèvis asistans lang ki pa vle chanje preferans kominikasyon lang paran yo ta dwe ranpli fòmilè sa a.
Fòmilè demann pou chanje lang kominikasyon prefere : Paran/gadyen ki gen konpetans limite nan lang angle ki vle chanje « Preferans kominikasyon lang paran yo » ta dwe ranpli fòmilè sa a.
Fòmilè konsantman pou sèvis entèpretasyon telefonik (nan telefòn) : Pou bay pèmisyon pou itilizasyon sèvis entèpretasyon telefonik (nan telefòn) pandan yon reyinyon IEP oswa yon reyinyon Edikasyon Espesyal sanblab, tanpri ranpli fòm sa a.
Fòmilè konsantman pou odite yon entèpretasyon: Si w patisipe nan reyinyon Edikasyon Espesyal kote yo bay sèvis entèpretasyon pou garanti kalite pou asire w ke w resevwa sèvis entèprèt ki efikas e egzak, tanpri ranpli fòmilè sa a pou w bay Distri a (OLAS) pèmisyon pou yo chita nan reyinyon an (nòmalman oswa an pèsòn) pou fè odit reyinyon sa yo.
Kat « I-Speak » yo se yon zouti ki gen anpil valè pou moun ki bezwen sèvis asistans lang epi ki vle kominike lang kominikasyon prefere yo bay anplwaye lekòl yo oswa bay anplwaye distri a. Kat sa yo disponib nan nèf lang prensipal distri a, e espayòl se youn nan yo. Yo bay enfòmasyon enpòtan ak aksè fasil atravè kòd QR nan Fòmilè Reyaksyon/Kòmantè Distri a konsènan Aksè nan Sèvis Lang.
Klike sou lyen ki patikilye a lang ou an nan pati anba a pou w jwenn aksè.
Arab, Kap Vèdyen, Chinwa, Franse, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Somali, Espayòl, Vyetnamyen
Bwochi OLAS yo bay enfòmasyon sou sèvis asistans parapò a lang ki disponib ak fason pou w mande e bay reyaksyon w yo.
Klike sou lyen ki patikilye a lang ou an nan pati anba a pou w jwenn aksè.
Arab, Kap Vèdyen, Chinwa, Angle, Franse, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Somali, Espayòl, Vyetnamyen
OLAS te kreye yon lis tèm yo souvan itilize pou ede moun gen yon meyè konpreyansyon ak konsyans sou enfòmasyon distri a pataje.
Klike sou lyen ki patikilye a lang ou an nan pati anba a pou w jwenn aksè.
Arab, Kap Vèdyen, Chinwa, Angle, Franse, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Somali, Espayòl, Vyetnamyen
Liy Asistans BPS la (BPS Helpline) se ekip sipò Biwo Santral la pou enfòmasyon, resous, oswa navigasyon lè w plis bezwen li. Nou travay pou asire Kominote BPS nou an gen yon sistèm serye e transparan pou kesyon oswa enkyetid. Souvan moun rele nou « 311 » BPS la, nou ede moun k ap rele yo, vizitè yo, ak menm moun k ap ekri imel yo avèk tout bagay, depi nan enfòmasyon debaz sou divès evènman ak aktivite rive jis nan sipò pi pwofon pou rezoud pwoblèm lè yon konfli rive.
Èd disponib dirèkteman an Arab, Kreyòl Kapvèdyen, Franse, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Somali, ak Espayòl, ak plis pase 300 lang adisyonèl ki disponib atravè sèvis entèpretasyon telefonik nou yo.
Pou plis enfòmasyon, rele nimewo telefòn 617-635-8873 oubyen voye yon imel : helpline@bostonpublicschools.org