العربية, Cabo-Verdiano, 中文, English, Français, Kreyòl Ayisyen, Portuguese, Soomaali, Español, Tiếng Việt
العربية, Cabo-Verdiano, 中文, English, Français, Kreyòl Ayisyen, Portuguese, Soomaali, Español, Tiếng Việt
Aksè siyifikatif nan sèvis lang
Kominikasyon efikas ak patenarya avèk fanmi yo esansyèl pou asire siksè edikasyonèl elèv yo. Biwo pou Aksè nan Sèvis Lang lan (OLAS) pran angajman pou amelyore kominikasyon resipwòk ant lekòl yo ak fanmi yo epi bay aksè nan pwogram, sèvis ak aktivite distri yo pou paran/gadyen ki bezwen kominikasyon nan yon lòt lang ki pa anglè, san okenn frè pou fanmi yo.
Twous zouti OLAS la bay enfòmasyon sou resous ak sèvis ki disponib pou Distri Lekòl Piblik Boston an pou founi sipò bay fanmi ki limite nan angle ak fanmi ki pa pale angle. Li vize tou pou sansibilize fanmi yo sou sèvis ak resous asistans lang ki disponib yo, ansanm ak obligasyon Distri a pou bay sèvis sa yo.
Arab, Kap Vèdyen, Chinwa, Angle, Franse, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Somali, Espayòl, Vyetnamyen
Tanpri klike lyen yo nan pati anwo a oubyen gade paj Sèvis Aksè nan Afè Lang pou plis efòmasyon.
Pou asire ke bonjan kalite sèvis tradiksyon ak/oswa entèpretasyon yo bay yo satisfè atant distri a ak atant pati konsène yo, BPS ap envite paran ak gadyen responsab yo bay reyaksyon yo. Objektif la se kreye yon espas enklisif kote nou tande e konsidere vwa tout paran, kèlkeswa lang yo. Si w gen nenpòt konpliman, enkyetid, defi, oswa sijesyon pou amelyore sèvis aksè nan lang yo an jeneral, tanpri ranpli fòmilè Reyakson Aksè nan Sèvis Lang lan (« Language Acess Feedback form »). Reyaksyon ou yo gen anpil valè epi yo pral ede nou amelyore sèvis nou yo.
Tanpri klike Fòmile Reyaksyon Miltileng lan (Plizyè Lang lan) pou w jwenn aksè ladan l nan 10 lang majè Distri a.
Lekòl Piblik Boston (BPS) konprann e valorize wòl enpòtan paran ak gadyen yo jwe nan asire siksè akademik pitit yo. Se poutèt sa distri a detèmine pou l kreye e kenbe kanal kominikasyon yo ouvè e devlope divès patenarya solid avèk fanmi yo pou reyalize objektif sa a. Pou sa, nou arive founi kèk resous ak konsèy nan pati anba a pou ede w pi byen konprann sèvis ki disponib yo, dwa w genyen pou sèvis sa yo, ak meyè pratik yo.
Ou kapab ale sou paj Resous ak Konsèy la pou plis enfòmasyon.
Si w bezwen asistans parapò a lang nan lekòl pitit ou a, tou senpleman mande lidè lekòl ou a oswa moun ki nan biwo devan an. Ou ka montre li kat I-Speak Card ou a pou fè yo konnen lang kominikasyon ou pi pito a. Si anplwaye w ap pale avè l la pa ka ede w, y ap jwenn yon lòt manm pèsonèl la ki kapab ede w, oswa ki ka sèvi avèk sèvis asistans lang ki disponib yo pou asire ke bezwen kominikasyon w yo satisfè.
Si w bezwen èd avèk sèvis asistans pou lang, ou ka rele nimewo telefòn prensipal lekòl la epi mande pou yon entèprèt. Manm pèsonèl la pral sèvi avèk LionBridge pou konekte ou ak yon entèprèt ki ka ede w. Ou ka itilize TalkingPoints tou pou voye yon mesaj bay pwofesè pitit ou a pou fè demann pou sèvis asistans pou lang e poze ksyon sou yo.
Liy Asistans BPS la egziste tou pou l ba w sipò. Nouvo sèvis la fèt pou ede manm kominote BPS yo jwenn repons pou divès kesyon debaz e dirije yo nan resous apwopriye yo. Kontakte Liy Asistans BPS la (BPS Helpline) nan nimewo telefòn 617-635-8873 oswa nan adrès imel : helpline@bostonpublicschools.org pou asistans.
Epitou ou kapab kontakte Biwo Aksè nan Sèvis Lang lan nan nimewo telefòn 617-635-7967 oswa nan adrès imel : languageaccess@bostonpublicschools.org