Lekòl Piblik Boston (BPS) bay tradiksyon ekri nan nèf lang prensipal ke fanmi ki gen timoun ki ale nan lekòl Boston yo pale. Lang sa yo se Arab, Kap Vèdyen, Chinwa, Franse, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Somalyen, Espayòl, ak Vyetnamyen. Anplis lang sa yo, BPS bay sipò parapò a lòt lang sou demann.
Tradiksyon se pwosesis pou transmèt siyifikasyon dezire yon mesaj ekri soti nan yon lang al nan yon lòt pandan w ap kenbe menm siyifikasyon, stil, ak ton mesaj orijinal la.
Lis suivan an bay divès egzanp konsènan lè sèvis tradiksyon yo aksesib :
IEP BPS ak divès lòt dokiman BPS ki gen pou wè avèk Edikasyon Espesyal
Rapò pwogrè akademik pou elèv yo
Dokiman anwolman/enskripsyon
Enfòmasyon sou pwosesis disiplinè
Fich/fòmilè pèmisyon pou aktivite ak pwogram Distri a ak Lekòl yo
Fòmilè pou aktivite ki egzije konsantman paran
Dokiman reyinyon Komite Skolè a
Manyèl/Gid pou paran yo
Enfòmasyon anrapò ak Sante Piblik ak Sekirite
Dokiman sou planifikasyon/divès opsyon akademik
Pwosedi pou evalyasyon ki nesesite enfòmasyon debaz elèv yo/paran yo, pwosesis pou refize tout/kèk nan sèvis Elèv k ap Aprann Angle yo (ELL)
Enfòmasyon ekri sou dwa ak responsabilite paran yo/elèv yo
Enfòmasyon ekri sou divès sèvis ak benefis ki disponib pou paran ak elèv
Paran/Gadyen Responsab : Si w bezwen sèvis tradiksyon ak/oswa entèpretasyon, kontakte biwo prensipal lekòl pitit ou a/pitit(yo). Si lang kominikasyon w pi pito a pa Angle, Distri a/Lekòl la dwe ba w « Enfòmasyon Esansyèl yo » nan lang ou spesifye a. Tanpri egzamine Feyè Enfòmasyon DOJ a (Ministè Lajistis la) ki klarifye dwa ou genyen parapò a aksè nan sèvis lang sou paj Resous ak Konsèy la.