Kreyòl - Enstriksyon tradiksyon

Ki jan pou Gade Sit Wèb ak Dokiman nan Lòt Lang

Itilize navigatè Google Chrome nan. Li gen pi bon kapasite pou tradui pandan l ap travay sou sit wèb Aprann a Distans WPS la, PowerSchool, ak WebTrac. Chrome disponib pou Mac, Windows, iPhone, ak Android. Li tou enstale sou Chromebook. Telechaje Chrome

Klike sou 3 pwen vètikal yo ⋮ ki anlè adwat navigatè w la. 

Ale nan Settings (Paramèt), desann epi klike sou katab ‘Advanced’ la (Avanse), apre sa ouvri pati Languages la (Lang). Asire w OU LIMEN bouton “Offer to translate pages that aren’t in a language you read” la (Ofri pou tradui paj ki nan yon lang ou pa konn li).

●      Asire w lang prensipal ou nan tèt lis la.

●      Si yo PA site lang prensipal ou a, klike sou  “Add languages” (Ajoute lang)

●      Chwazi lang pa w la epi klike “Add” (Ajoute)

Apre sa, pou w mete lang prensipal ou a sou tèt lis la, klike sou 3 pwen vètikal   ki bò kote l epi chwazi “Move to Top” (Mete sou Tèt Lis la)

Si w vle fè yo tradui tout paj anglè yo, klike sou 3 pwen vètikal yo   ki bò kote “English” (Anglè) epi chwazi “Offer to translate pages in this language” (Ofri pou yo tradui paj ki nan lang sa a)

Kounye a, al gade yon sit wèb ki ann anglè. Chèche ti imaj tradiksyon ki gri a nan ba navigatè a ak mesaj ki parèt ki mande w si w vle tradui paj la. Asire w gen yon tchèk nan “Always Translate English” (Toujou Tradui Anglè). Kounye a, TOUT sit wèb ki ann anglè ou vizite yo dwe tradui otomatikman nan lang ou prefere a.

Sa mache pou pifò sit wèb, san wete WordPress, Sit Wèb Google yo, PowerSchool, ak WebTrac. Sa PA mache pou Google Docs. Pou Google Docs, w ap bezwen ekstansyon navigatè Chrome nan e gen enstriksyon pou sa nan sit wèb WPS la: Ki jan pou Gade Sit Wèb ak Dokiman WPS nan yon Lòt Lang.

Yon Ti Konsèy: Si w pa wè ti imaj tradiksyon ki gri a, fè yon klik dwat (si se yon Mac, kenbe “control” epi klike) nenpòt kote sou paj la epi yon ti meni pral parèt kote w ka chwazi “Translate to _” (Tradui nan _”) epi sa dwe fè ti imaj tradiksyon ki gri a ak ti mesaj la parèt.

Ki jan yo wè Google Docs nan yon lang diferan

Chrome Navigatè Ekstansyon obligatwa