Rezime Kou a:
Espas pou timoun yo ta dwe fèt pou satisfè bezwen inivèsèl yo pou lanmou, afimasyon, pwodiktivite siyifikatif ak bi. Espas yo ta dwe ansekirite fizik ak emosyonèl espas kote timoun yo santi yo lib pou eksprime panse yo ak lide san yo pa bezwen pè moun ka pase yo nan betiz. Espas pou timoun ta dwe sakre tou konsa lè yo antre nan papòt la yo kapab santi yo panse de yon mond òdinè ak yon mond ekstraòdinè. Espas sa yo bezwen kreyatif ak anpil koulè, son, ak bagay ou ka manyen.
Espas kreyatif ki ansekirite ak eksperyans atizay kapab ankouraje devlopman sante ak espirityèl. Eksperyans atizay ankouraje kwasans emosyonèl, entelektyèl, fizik, sosyal, kreyatif, epi espirityèl.
Rityèl ede kreye espas ki gen sekirite emosyonèl. Rityèl defini koman yon espas nan kominote a ka ye, bati kominote a, kreye sekirite, ankouraje gerizon, epi anseye valè. Rityèl aktivite ki ansekirite pou timoun genyen ladan salitasyon, kòmansman rityèl la, yon eksperyans atizay, finisman rityèl la, ak orezwa yo. Yonn nan fason yo kòmanse yon aktivite timoun ki san danje se ak yon deviz ki raple timoun yo valè ak limit epi kreye yon sans kominote.
Aprantisaj atizay itilize atizay pou anseye matyè akademik efikasman. Timoun ak granmoun ki gen preferans pou aprann rele Entelijans miltip. Men sa yo enkli: lengwistik, matematik, espasyal vizyèl, kinèstezik, entrapèrsonèl. Aprantisaj atizay pèmèt timoun sèvi ak tout entelijans miltip lè yap aprann.
Atizay kapab yon metafò pou anseye lòt bagay ki pa ladrès atizay; bagay tankou: bon konprann, pasyans, kad objektif, mande pou èd, ak ladrès pou elve timoun. Timoun yo tou ka itilize metafò nan atizay pou eksprime santiman ki difisil pou yo eksprime vèbalman. Pwosesis atizay la kapab yon metafò pou dekri lavi.
Timoun yo natirèlman gen detèminasyon, men lamizè, vyolans, ak katastwòf kapab anpeche timoun nan yon eksperyans difisil. Entèvansyon Atizay bay yon sans de sipò nòmal, ak ankourajman ak yon sans apatenans- tou sa yo ankouraje detèminasyon pou chòk kpa vini nan lavni.
Anvan ou kòmanse yon pwogram pou timoun, lidè nan kominote yo ta dwe deside ki moun pwogram lan pral sèvi epi aprann sou sib sa a. Ou ta dwe konsidere tou moun ki pral dirije pwogram ou an ki kalite konpetans ak kalite moun sa yo ta dwe genyen. Finalman ou ta dwe konsidere ki lòt pwogram, òganizasyon, oswa moun ki ap fè menm travay sa a pou ke ou ka kolabore epi aprann nan men yo.
Refleksyon sou Kou a:
Ki bagay ki te pi enteresan ke ou te aprann nan kou sa a?
Sou ki bagay ou ta renmen aprann plis?
Eske ou panse konsèp sa yo ap mache avèk timoun nan kominote ou a?
Poukisa oswa poukisa pa?
Konpliman!
Ou fini ak dezyèm kou a, Espas Kreyatif San Danje. Pwochen fwa ou pral aprann kòman pou aplike kèk nan ide sa yo nan planifikasyon pwogram pwòp pwogram devlopman pa ou.