Glosè
Bezwen Inivèsèl timoun yo: bagay ke tout timoun bezwen ki gen ladan
renmen, afimasyon, pwodiktivite siyifikatif, bi, epi apatenans
Espas Kreyatif San Danje: espas ki san danje pou timoun yo. Yon anvironnman espesyal ki kapab ede nan kreyativite yo.
Devlopman timoun: entegre kwasans nan tout aspè lavi nan timoun yo sou plan emosyonèl, entelektyèl, fizik, kreyatif, sosyal, e espirityèl.
Rityèl: yon seri de aktivite espesyal ke yo fè pou ede nan gerizon, nan ranfòsman kwayans, nan apresyasyon nouvo etap la vi yo.
Rityèl san danje pou aktivite timoun yo: salitasyon, ouvè rityèl la, eksperyans atizay, fèmen rityèl la, epi di orevwa.
Deviz: yon pawòl kout ke yo toujou ap repete ki ede bati kominote yo epi ranfòse valè ak limit yo
Entelijans Miltip: lide Howard Gardner sou diferan fason ke moun aprann ki gen ladan lengwistik, matematik, mizik, vizyèl-espasyal, kò kinèstezik ak entrapèrsonèl
Metafò: yon fason yo sèvi ak yon konsèp abityel pou reprezante, anseye, ak senbolize yon lide nouvo oswa yonn ke moun pa twò konnen
Detèminasyon: kapasite pou tire avantaj de yon ekperyans difisil.