Objektif: Demontre konsèp atizay kòmmetafò pou ede timoun yo eksprime santiman ki difisil epi aprann teknik pou fè fas ak lavi
Metafò sèvi ak yon konsèp ke tout moun konnen pou reprezante, senbolize, epi anseye yon nouvo lide oswa lide ke moun pa twò fin konnnen. Metafò di bagay yo endirèkteman. Yo mete ansanm 2 bagay ki pa sanble nan anpil fason pou montre kijan yo sanble nan yon fason ki enpòtan. Pa egzanp nan pwovèb ayisyen,
Famn se kajou: plis li vye, plis li pi bon:
Fanm ak kajou sanble tankou yo trè diferan, men ou ka mete yo ansanm mete aksan pou w di plis li vye, plis li pi bon. Metafò se yon pati enpòtan nan fè atizay. Metafò se yonn nan bon zouti pou anseye atizay.
Pwosesis atizay kabap yon metafò pou dekri lavi. Pa egzanp veye pou patnè w pa tonbe pandan yon dans kapab yon metafò pou konfyans nan zanmi ak fanmi pou sipòte w nan moman difisil. Èske ou ka panse ak lòt fòm atizay ki kapab yon metafò pou yon lòt bagay?
Timoun yo tou ka itilize metafò pou eksprime santiman ki difisil. Pa egzanp, ou kapab mande yon timoun pou desine yon pye bwa ki montre kijan yo santi yo jodi a. Kisa ou ta panse si pye bwa ta genyen anpil branch vèt nan yon forè ki gen solèy ak lòt pyebwa ki gen branch vèt? E si pye bwa yo pat gen fèy epi yo grandi pou kont yo nan plas kote yo met machin? Pyebwa sa yo se metafò pou santiman tristès ak kontantman timoun yo.
Atizay kapab yon metafò pou anseye lòt bagay ki pa ladrès atizay tankou: bon konprann, pasyans, kad objektif, mande pou èd, ak ladrès pou elve timoun. Pa egzanp, rakonte istwa ka anseye valè. Sonje "nouvo wa a nan forè a" nan kou pase a? Kisa istwa sa a te aprann ou? Eske'l te di w dirèkteman sa ou ta dwe aprann, oswa èske ou te bezwenn chache konnne pou kont ou? Ou ka itilize etap sa yo ki nan paj sa a pou kreye metafò pa ou nan aktivite ki ansekirite pou timoun.
Ekzanp: Kreye metafò Atravè Eksperyans Atizay
Mesaj: Travay Ansanm
Fòm atizay: Fè Kolye
Aktivite: Divize timoun an 2 ti gwoup. Bay yon timoun yon ti kal moso fisèl ak 2-3 pèl. Bay denyè timoun la anpil pèl, yon moso fisèl long ak yon zegwi. Di gwoup yo ke yo dwe fè yon kolye ak materyèl yo. Yo kapab travay poukont yo oswa nan yon gwoup, men moun oswa gwoup ki fe kolye ki pi long genyen. Ba yo 5 minit pou fè kolye yo.
Kesyon:
Ekzanp: Vante, Van, Vante!
Pa yon atis nan kominote a
Mizik fòlklò ayisyen se yon refleksyon sou kilti ayisyen, ki chaje ak senbòl ak divès entèpretasyon. Mizik sa yo se yon zouti pafè pou modèl metafò atizay, se sa ki ka pèmèt mizik la pou ale nan nenpòt direksyon. "Soufle Van" se yon bèl chante fòlklò ayisyen ke mwen te aprann lè mwen te yon timoun.
" Vante, van vante, van . nou pral wè yo.
Vante, van vante, van . nou pral wè yo.
manman m nan bato, papa m' nan bato
" Vante, vante nou pral wè yo."
Diferan bagay sou kilti ayisyen ak istwa li ka aprann nan chante sa a. Kòm pitit pitit esklav Afriken, Ayisyen gen gwo rapò ak lanmè a, sel bagay ki konekte epi divize Ayiti ak peyi Lafrik la. Genyen tou, vodou nan kilti ayisyen, ki se yon gwo konsiderasyon pou zansèt yo, ke yo te mennen Ayiti nan komès esklav Trans-Atlantik la sou gwo bato nan syèk pase yo. Nan moman difikilte yo, yo konnen Ayisyen yo tankou moun ki pran bato pou vwayaje mete tet yo nan danje pou ale nan lòt peyi pou chèche yon lavi miyò. Van yo se yon faktè enpòtan ki detèmine si vwayaj sa yo ap rive nan destinasyon yo.
Oratè a nan chan an, ke mwen kwè ki se yon timoun, mande pou van vante. Manman l ak papa sou lanmè, epi si van vante li pral wè yo ankò. Metafò nan mesaj sa yo anpil. Nan chan an, nou wè yon timoun ki gen espwa, ki pa pè pou fè tande vwa laperèz li ak dezi li. Chan an pale sou moun ki nan yon vwayaj danjere kap eseye pou jwenn wout pou yo soti, kap goumen ak move van, oswa ke van favorab ap pote sou wout la.
Bote chan fòlklò ayisyen sa a se ke li ka pran anpil diferan direksyon, van senbòl ayisyen yo kapab pote yo nan anpil destinasyon. Nan chante sa a, timoun yo kapab aprann sou komès esklav Trans-Atlantik la, refijye, rapò ki genyen ant Lafrik ak peyi Amerik yo, ki enpòtan an Ayiti ak nan Etazini, de tou genyen moun ki se pitit pitit esklav Afriken yo.
Chante sa a, se tankou lavi, paske tankou timoun nan chante sa a, nou dwe toujou gen konfyans ke tout bagay ap pase byen. Espwa.
Chante sa a, se tankou lavi, paske tankou moun kap vwayaje sou lanmè a, nou kapab kontinye nan lavi menm si bagay yo pap mache byen pou nou. Pèseverans. Chante sa a, se tankou lavi, paske menm si van an ka vante kont nou, nou ka rete fò. Detèminasyon.
Chante sa a, se tankou lavi, paske tankou timoun nan chan sa a, nou ta dwe aprann fè tande vwa laperèz nou ak dezi nou, atizay ba nou yon fason pou nou fè sa.
Ekzanp: Po Kraze a
Po kraze se yon eksperyans atizay ki se yon pati nan yon fòmasyon avanse nan atizay kòm metafò. Nan mwa novanm 2011, BuildaBridge prezante aktivite sa a bay volontè pwofesyonèl nan Nikaragwa. Chak moun ki resevwa yo bèl po antè ak yon mato. Lidè yo te bay patisipan yo lòd pou yo kraze po a sou papye ki te devan yo a. Yo tap konte epi yo pa t 'vle kraze po yo. Yon timoun te di "Kijan mwen kapab detwi bote?" Yo te vle fè pou yo te moun kap bati, pa moun kap kraze, men evantyèlman yo tout tonbe dakò. Apre yo te fin kraze po yo, lidè a te di: "Kounye a, mete moso yo ansanm nan kèlkeswa fason ou ta renmen. Ekri bagay ki fè nou mal sou moso yo.” Timoun yo te etone-poukisa lidè a di yo kraze po a sèlman pou fè yo mete l 'ansanm ankò? Youn nan stajyè yo ke yo rele Meybelline te vin fache anpli epi li te di, "mwen pa ka fè ale tankou mwen vle li!" Lidè a rekonèt fristrasyon li yo epi ankouraje li pou eseye yon diferan fason pou kote po a ansanm. Finalman, li te fè yon bagay ki sanble ak sa li te vle fè a. Li te fè yon flè ak moso po l yo ki genyen anpli bèl branch. Flè a te yon senbòl travay ak pèseverans li pou soti nan difikilte. Po chak timoun yo te di yon istwa diferan. Sepandan pwosesis pou fè eksperyans ak diferan metòd epi pou gen pasyans jiskaske yo jwenn yonn ki mache byen te yon metafò pou fason moun simonte defi.
Lynn Farrow, yon konseye ak yon atis vizyèl, prezante eksperyans kraze po kòm yon pati nan aktivite sou atizay ak devlòpman karaktè.
Eksperyans: Kraze
Objektif: Pratik atizay kòm metafò pou kont ou
Materyèl: Mato oswa wòch, po oswa yon bagay ki ka kraze, lakòl, penti, makè, papye oubyen sak plastik
Mete po ou a oswa plat la nan papye a oswa sache plastik lan. Kraze po a ak yon mato oswa wòch. Wete tout moso epi gaye yo devan ou. Kole moso yo ansanm jan ou vle. Dekore moso yo yon fason ki reprezante kèk aspè nan pwoblèm lavi kap ravaje'w ke ou ta renmen geri. Di yon metafò oswa yon istwa sou pwoblèm sa ak denye moso po sa a. Desine yon foto oswa pran yon foto nan pyès la epi kole li anba a.
Eksperyans: Ne moun fè
Objektif: Pratik atizay kòm metafò nan yon gwoup
Kanpe nan yon sèk avèk gwoup ou a. Mete men dwat ou nan sant sèk la epi pran men yon lòt moun. Apre sa, mete men gòch ou nan sèk la epi pran men yon diferan moun. Travay ansanm pou demare ne a san ou pa lage men okenn moun.
Lè gwoup ou a fini, kanpe nan yon sèk epi reflechi sou kisa ne sa a ak pwosesis demare'l reprezante pou ou. Nan ki sans lavi se tankou ne sa a? Pa egzanp: Lavi se tankou ne sa a: nou pafwa mele tèt nou epi nou bezwen travay ansanm pou met tèt nou deyò. Ekri metafò ou an anba a epi pataje'l avèk gwoup ou an.
Lavi se tankou ne sa a: _____________________________________ _________________________________________________________
Adapted from McArthy (2004)