Objektif: Diskite sou konsiderasyon debaz nan planifikasyon pwogram kreyatif pou timoun
Nan pwen sa a nan kou a ou te aprann anpil sou fason timoun yo benefisye de atizay, men kisa w ka fè ak konesans sa a? Kijan ou kapab soti nan lide an pou rantre nan aksyon? Seksyon sa a pral ede w kòmanse panse sou kòman pou w kòmanse yon pwojè oswa yon pwogram pou timoun. Anvan ou kòmanse yon pwogram kreyatif nan kominote a pou timoun ou ta dwe konsidere:
Kilès ou pral sèvi?
Ki moun ki se popilasyon sib ou-sa vle di pou ki moun ou gen entansyon fè pwojè sa a? Pwojè a ke ou fè planifye a ta dwe santre sou timoun ki vle di ke li konsantre sou bezwen ak sa ki enterese timoun. Ou bezwen anpil enfòmasyon sou timoun ke ou vize yo si ou vle fè sa efektivman. Pa egzanp, ou ta dwe konnen ki laj ak konbyen timoun ke pwogram ou a gen kapasite pou'l pran. Li enpòtan tou pou w konnen ki kalite aktivite atizay ki enterese timoun sa yo nan epi kilès ladan yo ki apwopriye laj yo. Tablo ki nan fen seksyon sa a pral ede w reflechi sou ki kalite aktivite atizay ki apwopriye pou diferan laj. Ou ta dwe tou pale ak timoun yo, paran yo, ak lòt moun ki gen konesans sou timoun nan kominote w la.
Ki moun ki pral dirije oswa sipòte pwojè ou a?
Ou ta dwe konsidere tou ki moun ki pral dirije pwogram ou an epi ki konpetans ak kalite moun sa yo ta dwe genyen. Ou ka bezwen pwofesè, atis, bizismann, oubyen moun kap travay pou ONG pou ede w akonpli pwogram ou an. Atizay ki gen plis siksè nan kominote se pwogram ki an pati gen nan tèt yo moun nan kominote a. Chwazi gwoup lidè sa yo ta dwe baze sou ki moun ki dispoze epi ki moun ki kapab. Kapasite pa sèlman baze sou edikasyon oswa fòmasyon, men li baze sou eksperyans. Pwogram kreyatif pou timoun yo ta dwe gen ladan moun kreyatif ki gen konesans nan atizay epi ak moun ki gen eksperyans nan travay ak timoun yo. Timoun oswa jèn yo ta dwe patisipe nan planifikasyon pwojè ki pral benefisye yo. Paran yo se yon gwoup ki enpòtan tou pou enkli nan planifikasyon pwojè a ak lidèchip li. Moun ki travay dirèkteman avèk timoun yo ta dwe byen prepare pou yo kreye yon anviwònman ki san danje pou aprann.
Moun kreyatif ki ka bati espas kreyatif ki ansekirite pou timoun:
Anvan ou kòmanse fè rekritman volontè, ekri pwòp lis ou sou ki kalite ki enpòtan nan pwojè ou a oswa pwogram lan. Pafwa moun kreyatif sa yo bezwen resevwa fòmasyon nan kèk nan bagay sa yo ke ou te aprann nan kou sa a tankou kijan yo kreye yon plas kreyatif ki ansekirite pou timoun yo. Li enpòtan tou ke ou gen ase moun kreyatif pou jere kantite timoun ke ou ta vle sèvi a. Ou ta dwe gen omwen 2 granmoun ak nenpòt gwoup timoun epi omwen 1 granmoun pou chak 5 timoun ki nan pi gwo gwoup yo. Kèk nan granmoun sa yo kapab atis anseyan ak lòt moun ki ka asistan. Gade nan tablo ki anba a pou detèmine konbyen granmoun ou pral bezwen pou pwojè ou an.
Ki lòt bagay ki deyò a?
Finalman ou dwe konsidere ki lòt pwogram, òganizasyon, oswa moun kap fè menm travay la. Ka gen yon òganizasyon nan kominote w la ki te deja gen timoun ak espas men li bezwen èd pou kreye yon pwogram oswa yon ajoute atizay nan pwogram lan. Li toujou pi bon pou kolabore pase pou fè konpetisyon ak pwogram nan kominote ou an. Li itil tou pou fè rechèch sou modèl pwogram ki gen siksè andeyò kominote w la. Seri nan liv sa gen anpil egzanp, men gen pi plis toujou sou entènèt ak nan liv. Sèvi ak resous sou entènèt pou aprann plis bagay sou atizay kominote pou timoun anvan ou kòmanse pwogram ou an.
Eksperyans: Eksperyans Atizay pou diferan laj
Objektif: Reflechi sou kijan eksperyans atizay adapte ak diferan laj
Travay nan yon gwoup pou ranpli tablo ki anba a ak egzanp eksperyans atizay pou timoun diferan laj. Si ou pa gen konesans oswa eksperyans nan atizay sa yo oswa laj sa yo, jwenn yon moun nan sal la ki ka ede ou.
Eksperyans: Planifye Pwogram pou Timoun
Objektif: Kòmanse planifye yon pwojè pwoteksyon pou timoun nan kominote ki kreyatif.
Reflechi sou kominote w la ak seri de pwojè kominotè ki ta ka benefisye timoun ki nan kominote w la. Reflechi sou kesyon ou ta dwe konsidere anvan ou kòmanse yon pwogram, epi ranpli fòm ki anba a.