Chanson Byenveni Ayisyen
Mwen byen kontan Frè mwen
Ou vini Lakay mwen
Map ba w yon gwo Lanmen
Kanpe, Chita
Fè yon ti Souri, Ha Ha Ha Ha
Objektif: Prezante enpòtans ki genyen nan rityèl pou kreye espas ki ansekirite pou timoun yo, anseye valè yo, epi bati kominote
Kisa ki rityèl? Rityèl se yon seri de aksyon seremoni ke yo fè pou ede
tranzisyon, geri, kwè, ak selebre. Pa egzanp, chak swa ou ka bwose dan w, pwòpte kò'w, epi li nan kabann ou pou w detann ou avan ou dòmi. Sa a se yon rityèl ou fè chak jou. Yon egzanp seremoni yon se yon maryaj. Mesye marye ak madan marye a swiv yon seri de aksyon seremoni ki ede yo ak fanmi yo selebre inyon yo pou antre nan lavi maryaj. Chak aktivite pou timoun ta dwe yon Rityèl ki gen menm estrikti chak jou. Rityèl yo enpòtan nan ede timoun yo santi yo ansekirite epi santi w tankou yo yon kote yo renmen yo. Rityèl ede kreye espas ki gen sekirite emosyonèl. Yo diminye anksyete epi engaje sèvo ak emosyon yo. Rityèl prepare timoun yo pou yo aprann epi fè yo santi yo gen yon pati nan yon kominote. Rityèl kapab tou anseye istwa, tradisyon, ak valè. Rityèl kapab geri tou. Pa egzanp, chante menm chan chak maten ka yon rekonfò pou timoun yo paske li ba yo yon sans ke lavi a previzib epi ke fè pati yon kominote espesyal. Nan dyagram ki sou pwochen paj la dekri yon egzanp yon aktivite rityèl pou timoun.
Rityèl ki ansekirite pou Timoun:
Salitasyon
Yon salitasyon resevwa timoun yo nan espas la. Granmoun yo ta dwe akeyi chak timoun epi site non yo yonn pa yonn lè ya rantre. Sa fè timoun yo santi yo genvalè. Menm si espas la pa gen pòt, yo santi yo ap antre nan yon espas ki ansekirite. Yo ap antre nan yon kominote ki espesyal.
Kòmansman ak yon Rityèl
Kòmansman ak yon rityèl ede timoun yo sispann reflechi sou mond deyò a epi kòmanse konsantre sou aktivite yo. Yon kòmansman ak yon rityèl ta dwe louvri ak yon istwa ki baze sou yon eksperyans, yon deviz ak règ. Tout timoun ta dwe kapab patisipe nan tout pati nan rityèl la. Istwa ki baze sou yon eksperyans kapab yon chan, dans, oubyen yon aksyon. Li ta dwe menm bagay la chak jou, epi yo ta dwe ofri yon opòtinite pou patisipan yo aprann yon bagay sou chak lòt moun epi devlope yon kominote komen. Apre ouvèti a, lidè a ta dwe ankouraje timoun yo pou kreye ak resite deviz ak règ yo.
Yon eksperyans Atizay
Eksperyans atizay la kòmanse apre kòmansman nan rityel la. Timoun yo aprann epi kreye bagay diferan chak jou. Sa a se èl pati nan sesyon-an ki chanje chak jou.
Fèmti yon Rityèl
Yon fen rityèl fèmen tan an ansanm epi prepare timoun yo pou ale. Yon fen rityè ta dwe gen ladan resitasyon deviz a ak yon eksperyans fèmti kote tout timoun kapab patisipe ansanm tankou yon chan, dans, oswa jès pou di orevwa. Menm rityèl fèmti apre chak sesyon.
Yon orevwa
Yon orevwa ede timoun yo deplase soti nan espas aktivite a pou ale lakay yo. Granmoun yo fèt pou yo di orevwa ak chak timoun endividyèlman pandan yap kit e papòt espas la.
Aktivite Rityèl ki ansekirite pou Timoun:
Silwèt timoun koutwazi www.VectorOpenStock.com Inmber-Black & Roberts (1992) kòm site nann Galambos (2001)
Deviz
Youn nan fason pou kòmanse yon aktivite ki san danje pou timoun se ak yon ti mo kout ki di ke tout timoun yo ka li oubyen di byen fò ansanm. Yo rele sa yon deviz. Yo repete yon deviz nan chak rasanbleman pou fè timoun yo sonje valè ak limit yo epi pou kreye yon sans kominote. Chak gwoup kominote ta dwe ekri pwòp deviz yo ki reflete valè gwoup yo a. Pa egzanp, deviz jenn lidè ayisyen yo ki anba la te ekri pa yon gwoup jèn ayisyen kòm yon pati nan yon fòmasyon lidè jèn atizay ki baze nan Philadelphia, PA., USA. Ki valè ou tande nan deviz Jèn Lidè Ayisyen ak nan Amwari Ayisyen an ki anba a? Ki valè ou ta renmen ranfòse nan deviz kominote ou a?
Amwari Ayisyen
Amwari ki nan sant drapo Ayisyen an gen yon
deviz ki popilè anba "L’Union Fait La Force" ki vle di "nan Inyon gen Fòs." Prezidan Alexandre Pétion te premye itilize konsepsyon sa a nan ane 1807 lè Ayiti te divize pou 14 zan.
Egzanp: Fè deviz gen valè
Baze sou yon entèvyou ak yon atis nan kominote a.
Deviz BuildaBridge:
Mwen pral fè tout sa'm kapab
Avèk èd nan kominote kote mwen rete
Pou aprann tout sa mwen ka aprann
Pou antoure'm ak moun ki vle sa ki pi bon pou mwen Pou respekte tèt mwen ak kò mwen
Pou bati yon pon lapè ak espwa
Pou mwen ka genyen yon bon lavi ke mwen merite
Yon deviz santre atansyon sou bagay diferan, men pati enpòtan nan deviz la se kijan pou lidè a sèvi ak li pou elaji konpreyansyon. Lidè a montre kisa ki espesyal nan deviz la. Timoun yo kapab di mo ki nan deviz la san yo pa konprann fon mesaj la. Nan deviz BuildaBridge la nou resite " yon bon lavi ke mwen merite ", men kisa sa vle di? Lè ou premye mande timoun yo sa "yon bon lavi ke mwen merite" sanble, yo di "Mwen vle gen vin yon milyonè epi genyen yon gwo kay" oswa "mwen vle fè vin yon dansè popilè tankou Beyoncé." Lè lidè yo kòmanse poze kesyon yo jwenn repons ki pi fon. Lidè yo mande sa ki vrèman enpòtan epi ;è sa a, timoun yo ap di bagay tankou "fanmi yo, renmen yon moun, kontantman." Lè lidè chèche fouye pi fon, yo aprann ke gen yon gwo kay vrèman vle di gen yon espas espesyal ki pou ou. Yon timoun kapab kòmanse panse ki koulè yo vle mi nan chanm yo ye. Evantyèlman yo kòmanse konprann yon kay kòm yon plas kote yo renmen w. Sa a se vrè siyifikasyon yon bon lavi. Lidè yo bezwen ede timoun yo eksplore lide sa yo pou fè deviz yo siyifikatif. Kòm yon timoun te di "Kay se kote ou ansekirite, kote ou ka reflechi sou tèt ou, kote ou ka grandi." Espas kreyatif ki ansekirite pou timoun se tankou kay ki ansekirite kote ou ka panse sou tèt ou ak kote ou ka grandi.
Eksperyans:
Objektif: Pratike planifye yon aktivite rityèl pou timoun ki san danje
Sèvi ak fèy ki anba la a pou planifye pwogram ou an pou 3 jou. Sonje sa yon rityèl ye ak sa li ta dwe gen ladan.
Esperyans: Planifye Rityèl
Objektif: Ekri kòmansman ak finisman yon rityèl epi ki ranfòse valè gwoup ak espas ki ansekirite
Travay nan yon gwoup pou ekri yon deviz ki gen valè pou kòmansman yon rityèl. Ekri deviz la anba a. Anseye deviz la ak tout gwoup ki nan sal la.
Valè: ________________________________________________
Deviz pou kòmanse:
Chante pou komanse:
Travay nan yon gwoup pou ekri yon chante kout pou eksperyans ouvèti ki gen ladan opòtinite pou yo aprann sou moun ki nan gwoup ou a. Ekri chan an anba a epi chante'l pou tout gwoup ki nan sal la.
Chante pou komanse:
Rityèl pou fini:
Travay nan yon gwoup pou kreye yon jès pou di orevwa pou fèmen pwogram nan. Dekri li anba a ak mo ak imaj.
Refleksyon: Rityèl
Fè jès orevwa ou. Kòman jès sa a fè w santi w?
Eske pati finisman rityèl ou a gen rapò ak pati kloti a?
Ki kalite rityèl ou remake nan òganizasyon nan manyèl sa a?
Kòman rityèl sa yo ede w aprann?