Byenvini nan espas resmi Nou an! Click Chrétien production (CCP) ansanm ak RTVCC RADIO Télévision Click CHRÉTIEN gen yon sèl gwo misyon: fè yon enpak pozitif sou chak moun atravè imaj 🖥️, son🔊 ak pawòl💋 beni ki chaje lafwa ak konesans.
Nou kwè ke kreye kontni ki enspire, edifye ak elve lespri se yon fason pisan pou touche kò, nanm ak lespri. Se nan sans sa n'ap travay san lache pou n pote ba ou bèl emisyon anrichisan, fòmasyon pwofesyonèl pou devlope talan, ansanm ak bèl fim ak slam ki pou pote mesaj levanjil la nan yon lòt dimansyon.
Mèsi paske w ap swiv travay sa e w'ap fè pati gwo fanmi sa a!