ILISTRASYON SOU KOURAJ AK DETÈMINASYON
Ti grenn sab nan gwo van
Yon Jou yon ti zwazo t'ap seye bati nich li nan tèt yon gwo pye bwa. Chak fwa li pote yon ti branche bwa, yon gwo van vyolan t'ap soufle pou kraze tout sa l fè a. Lè l' t'ap fatigue l lòt zwazo ki patap fè nich, yo menm, yo t'ap di l: rense rebali dlo sal. Men malgre sa li pa t bay vag. Li te tann van an kalme, li ranmase tout pigwo wòch li te ka pote pou l' fè sèvi baz anvan mèm li te remete pay yo. Finalman, nich li te kanpe pi solid pase tout lòt yo.
* Leson an: kouraj se pa lè van pa soufle; men se lè ou sèvi ak menm difikilte yo pou w bati yon pi bon fondasyon pou avni w.
LAPORTE ermonteYON ILISTRASYON SE SOUVAN YON GWO ZOUTI KI KA EDE YON MOUN VOLE PI WO PASE MALFINI. POU W' PA MAL FINI, TOUJOU RETE KOLE NAN TOUT PWODIKSYON NOU YO, MEN SITOU NAN ESPAS SA KI SE PAJ ILISTRASYON YO.
BON CHANS! BON LEKTI! BON KONPRANN !