BÂTIR LEUR FOI, IMPACTER LEUR VIE.
BÂTIR LEUR FOI, IMPACTER LEUR VIE.
🤝 BYENVINI NAN IMPACT+🤝
Èske w vle wè pitit ou yo ap devlope yon lafwa solid epi grandi nan konesans pawòl BONDYE? IMPACT+ se yon sant biblik espesyal ki fèt ak anpil lanmou pou timoun ak Jèn ki gen 12-15 an.
Nan epòk sa n'ap viv la li enpòtan pou jèn yo pa sèlman konnen kijan pou yo sèvi ak taknoloji, men pou yo chita tou sou yon baz espirityèl ki solid ki p'ap janm tonbe. Pwogram Nou an fèt espesyalman pou nou ede yo konprann Bib la nan pwofondè, adapte ak laj yo, pou yo ka fè yon enpak pozitif nan anviwònman, nan lekòl yo ak nan sosyete a.
📚 PWOGRAM KOU NOU YO ( MODIL YO)
Nan sant BIBLIK la, Nou pase nan 4 gwo domèn pou bay jèn yo yon fòmasyon konplè.
1) Istwa bib la (Histoire de la Bible)
✓ Sa n'ap aprann: Kijan bib la te fè rive jwenn Nou? Kiyès ki te ekri l ? Nan ki kontèks ak kòman l' te travèse listwa pou l' rive nan men Nou Jodi a.
2) Kristoloji (Christologie)
✓ sa n'ap aprann: Yon etid pwofondè sou lavi, ministè, lanmò, ak arestasyon JEZIKRI. Pou ede yo konprann ki moun JEZI ye toutbon nan lavi yo.
3) Èmenetik (Herméneutique)
✓ sa n'ap aprann ; Baz pou yo aprann byen li, anlize, epi konprann pawòl BONDYE a kòrèkteman san yo pa manke sans.
4) Omiletik (Homilétique)
✓ sa n'ap aprann : aprann kijan pou yo prepare ak prezante yon mesaj oswa yon ti kout predikasyon men byen òganize selon règ yo.
🔥MISYON NOU
Bati yon jenerasyon jèn ki gen krentif pou bondye, ki byen Fòme nan zafè lafwa, epi ki gen kapasite pou defann ak pataje vérité a ak konviksyon.
Ou vle mete Jèn ou a nan kou sa yo, fè n' konfyans l'ap jwenn anpil bagay pou fè l' grandi. Ebyen! Pa ezite ale nan paj enskripsyon ki sou sit la kounya menm enskripsyon l' epi w p'ap regrèt mèm yon segond paske w te fè chwa sant sa pou jèn ou an.
Mèsi! Benediksyon ak gras BONDYE kouvri nou.
Sa ou dwe konnen : Nou pa pran jèn sou baz relijyon, kèlkeswa relijyon moun lan li ka patisipe nan lekòl la.
Pwovèb 6 v 22 : Pawòl sa yo va moutre ou bon chimen nan tout sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'ap ba ou konsèy lè je ou klè.