FÒS YON VWA
Lè lannwit tonbe sou lapèrèz
Lè monn nan fèmen pòt sou blesi w'
Gen yon vwa k'ap moute nan mitan lari a
Yon vwa ki pa pè di sa ki vre
Se pa bri ki fè gwo efè,
Se pwa ki nan mo a lè l frape nan kè.
Avanse, pale, fè yo tande l'
Paske yon sèl pawòl ka chanje yon desten.
LAPORTE ermonte ( siro bwat sèvo )RASIN AK VWA
M soti nan yon tè k'ap rele anba sòlèy,
Kote chak grenn swe pote yon istwa nan pye m.
Yo vle toufe vwa m fè l' rete nan silans,
Men yo bliye : se nan pwofondè rasin lan fòs la pran nesans.
Pa vin pale m de wòch ki nan wout lalè se chalè ki soufle nan nanm mwen.
Mwen pote yon dife ki p'ap janm fini ak demen,
Yon pawòl ki leve kanpe nan tenpan yo pou reveye lespri yo.
Tande l byen, gade l' nan je .
Se pa yon bri k'ap pase, se van an ki chanje direksyon.
Se verite k'ap pran plas li ak konpasyon.
LAPORTE ermonte (siro bwat sèvo)