"La poésie est une chose qu'on porte avec soi patout."
victor CHERBULIEZ
Crédit photo: Marie Francia STERLIN
Viris 2 pye pwazon Vyolan
3 zè dimaten viris la mete lapat sou mwen,
m santi m ap toufe
m pa ka respire
m anvi rele
men m pa vle moun pale nan koze m
m pito pran bal mwen ofon
viris la moulen tout zo m
li deplimen tout plim sou kò m
li seche tout san nan venn mwen
li mete m an malmakak
viris sa nan san m depi avan kowona
li la tankou yon kwòk
li la tankou yon manje ranje
tankou espedisyon k ap swiv tras mwen tout kote
men, se mwen k pou di w si m enfekte
paske m konpote m tankou yon pòtè sen
maladi a lou anndan m
m kamoufle tout sikatris
paske m se yon fanm de mak
lajounen m sanble ak moun
men lannwit m tankou bèt
kòm pa pou mwen
se sou do m yo danse
figi m se savann pou dis dwèt vin pyafe
tout mo sal
tout mo kri
tout mo santi di
tout mo santi kri
tout mo santi mwezi
se nan tande zòrey mwen sa bay randevou
se avè m yo sanble
avan kowona m te konn fè jounen m nan travay
pafwa m dòmi kay manman m
kounye a m pa sòti ditou
fòk m okipe timoun yo
m plante nan kay la tankou yon vye pye bwa deseche
mwen ak viris la bap pou bap
nou marye
m mete linèt ak kach nen
se pou m maske endiyasyon m
tribilasyon m
se pou m mete baboukèt nan bouch lawonte
mwen, m pa pè kowona
m enfekte sa fè plizyè lane
viris 2 pye, pi vyolan pase viris a kouwòn.
Tchovi lari yo
Yon ti bidon nan men goch
Yon moso twel nan men dwat
Konsa jounen an tanmen
Yon mòso twèl ki pote siyati tout kalte malady
Tibèkiloz, kolera, kowona, elt.
Yon mòso twèl pafwa k sèvi kò m dra
Lè fredi 3 zè di maten ap paweze
Yon mòso twèl k sèvi kòm tòchon
Pou siye bouch ak men
Lè de grenn aleken fin gagannen
Yon mòso twèl pou bat lakanpay ak lavi
Yo tout konfine nan salon pèp
Ak yon vye mòso twèl kòm kach nen
Alòs, kòman ya p fè konprann distansyasyon sosyal
Pandan yo se kolokatè kowona
Koman y ap fè lave men yo tanzantan
Si pa gen dl oak savon nan chak kwen lari
Koman y ap ranfòse sistem iminite yo
Si se tchèk k ap fèt lajounen k ou lannwit
Pou de grenn lamanjay
Yo se tifi ak ti gason ki gen pi piti pase 18 lanne
San zabri
San ledikasyon
Yo pa gen chans fè brevè
Alòs, nou pa menm bezwen pale de mastèz
sèl papye yo ganyen se pou yo siye
Lè yo fin fè bezwen yo
Yo lage tankou vye mòso twèl nan bouda kamyonèt
Rèv yo neye san yo pa rive jwenn bato a
Yo san repondong
Yo nan lari a
Yo se pou lari a
On pye, on dan
Anba bouch kowona
Ya p twote pou yo siviv.