NOUVÈL SEZON LETE

12 Out 2020

Depi sezon prentan 2017 la, Around Hear ofri tan ak espas regilyèman pou moun ki fè plizyè kalite eksperyans lavi pou yo ka rasanble, koute, aprann, epi kreye ak yon lespri de pataj nan amitye, transparans, epi pase yon bon moman ... Tan sa yo ak espas sa yo vini sou fòm konsè ki fèt gratis nan kominote a, evenman sosyal e edikatif ki baze sou aktivite atistik, ak leson mizik endividyèl gratis pou moun ki pa gen anpil lajan, ki abite nan Somerville, Massachusetts. 

Sonday sou Pwogramasyon Kominote Atistik la 

Paske tout pwogram yo fè yon kanpe pannan pandemi an esepte leson mizik endividyèl yo, nou menm direktè yo, nou konsidere kijan pwogramasyon nou an ka fèt lè pa gen danje pou nou reyini ansanm ankò. Lè tan sa a rive, anplis ke rekòmanse seri konsè kominote gratis nou yo epi kontinye leson mizik nou yo, nou espere elaji pwogram atistik nou yo, e nou vle ekspansyon sa a  mountre kisa kominote nou an vle. 

Se konsa, nou tounen vin jwenn ou kounye a pou nou konnen ki aktivite atistik gratis ki ta ka pi entrese w. 

Leson Mizik pannan lete yo

Adil ap fè repetisyon mizik lakay li pou resital video Around Hear sezon prentan an.

 Sezon lete sa a, 13 elèv pyano kontinye leson endividyèl avèk nou sou videyo tchat. Gen kèk ki ekri pwòp mizik pa yo sou aktivite yo pi renmen pannan sezon lete a ansanm ak bèt yo pi renmen tou. Apre l te fin konpoze "Krapo a sote sou Flè Lilypad la", Adil  ki gen 9 an te di pwofesè li Dann, "Sa te fè m plezi 100%." Nou espere kontinye ak tout elèv nou yo nan sezon lotòn an!

Pwojè Kominote Art ak Mizik ap Vini!

Gwo nouvèl: n ap prepare yon pwogram mizikal e atistik espesyal, kote tout moun ka patisipe, epi kote k ap gen distans sosyal pou sezon lotòn ane 2020 an! Rete branche pou yon anons ki pral fèt nan fen sezon lete a sou "Pwojè Kat Postal Mizikal” nou an.

Enspirasyon pou "Pwojè Kat Postal Mizikal" la: travay atistik moun ki t ap koute te kreye ansanm pannan Konsè Kominote Fevriye nou an.

Tradiksyon: Frantz Presume