Flash Flash
Patisipasyon nan FMJD World Cup ki ap fèt mwa desanm 2022 a.
Nou salye tout damis ayisyen yo alawonnbadè. Aprè 2 lane nou fè ap jwe bèl konpetisyon antre nou, E-Draughts Haiti anonse nou ke li konte esponsorize patisipasyon 1 damis ayisyen nan FMJD World Cup ki ap fèt an desanm 2022 a.
Konpetisyon pou detèmine jwè sila ap fèt nan kòmansman mwa oktòb 2022. Men sèl kondisyon pou yon jwè patisipe nan konpetisyon sa a: Fòk jwè a nan top 10 jwè ki aktif yo nan klasman ki ap soti nan komansman mwa oktòb la. Sa vle di fòk li pami 10 premye jwè nan Lis A klasman nasyonal E-Draughts Haiti a.
Klasman tounwa Top 10 yo ap detèmine lòd chwa yo.
Pa ezite kontakte komite a pou tout lòt eklèsisman sou gwo konpetisyon sa a.
Flash Flash
Sou klasman nasyonal E-Draughts Haiti a / avek lis jwè aktif yo.
Nou salye tout damis yo alawonnbadè. Nap anonse ke klasman nasyonal la sot pibliye nan komanse mwa a jan sa te prevwa.
Nou vle ankouraje tout moun patisipe nan konpetisyon E-Draughts Haiti ap soutni yo, epi fè efò bay bon rezilta pou nou eseye monte nan klasman an. Klasman sa a itilize pibon algoritm nan moman an, Glicko2. E-Draughts Haiti ap fè efò pou konsidere rezilta anpil tounwa, depi oganizè yo anonse nou sa pou pi piti 15 jou avan epi fè l nan bon jan kondisyon. Nou kwè ke konpetisyon se youn nan bagay ki ede spò avanse.
Nan objektif pou ankouraje jwè yo toujou rete konpetitif, nou ap konsidere 3 lis sa a yo nan klasman jwè yo:
- lis A: jwè ki aktif. Sa vle di, jwè ki jwe pou pi piti 2 tounwa ke E-Draughts Haiti sipòte sou 3 dènye mwa a yo. Jwè ki inaktif yo ap swa nan lis B oubyen nan lis C.
- lis B: jwè inaktif men ki jwe pou pi piti 2 tounwa ke E-Draughts Haiti sipòte nan 6 dènye mwa a yo.
- lis C: jwè inaktif ki pa nan lis B yo.
Pa ezide kontakte komite a pou tout lòt eklèsisman sou klasman nasyonal la.
Flash flash
Ann chache ekselans lakay jwè nou yo:
A pati 20 jiyè 2022, nan tounwa ASO-JU-DSTO-DGOO Arena, jwè ayisyen ki nan top 10 tounwa a fè pwen sa a yo:
- 1e : 10 points,
- 2e : 9 points,
- 3e : 8 points.
- 4e : 7 points,
- 5e : 6 points
- ...
Lè tounwa a fini, apre kimil pwen yo, kritè departaj ap aplike nan lòd sa a:
- total pwen
- kantite fwa jwè a fini premye
- kantite fwa jwè a fini 2e
- kantite fwa jwè a fini 3e
- kantite fwa jwè a fini 4e
- kantite fwa jwè a fini 5e
- ...
Nou swete tout jwè yo bon tounwa.
E-Draughts Haiti
Flash Flash
Entegrasyon jèn yo
E-Draughts Haiti salye tout jwè damye yo alawonnbadè, espesyalman sila yo ki anba laj 20 lane. Nou envite tout organizatè tounwa damye nan peyi a ankouraje jèn yo(kategori jinyò oubyen kadè) patisipe nan konpetisyon ki ap fèt yo, yon fason pou yo akeri eksperyans epi aprann de sila yo ki pi gran.
Poutètsa, E-Draughts Haiti deside entwodui tit "Meyè Jèn Jwè" nan chak aktivite li ap gen pou li òganize oubyen sipòte.
Sa ap pèmèt jèn yo prepare yo pou konpetisyon entènasyonal nan kategori pa yo epi monte nan klasman nasyonal la.
Jèn yo se avni damye a!
Ankouraje tout jèn bò lakay nou pou patisipe!
Flash Flash
Sou sanksyon kont fwod yo
Nan sousi pou restore lespri spòtif nan konpetisyon yo, komite E-Draughts Haïti kontan pataje avèk nou tout, rezolisyon ki fèt soti sou koze sanksyon kont fwod tout fòm yo ta ka prezante (bay pati, vann pati, kite rèst tounwa a, pa prezante nan you pati, parye sou yon rezilta an patikilye, elatriye). Tout mannèv pou fose rezilta oubyen favorize yon jwè konsidere kom fròd nan kad konpetisyon yo.
Yon jwè ki ta fotif de fwod ap tonbe anba youn nan sanksyon sa a yo, tou depann de gravite ak de konbyen fwa non l site nan koze fwod:
- 1e fwa: Radye pou soti 6 mwa rive 14 mwa.
- 2èm fwa: Radye pou soti 15 mwa rive 26 mwa.
- 3èm fwa: Radye avi.
Komite a rezeve l dwa anile totalman yon konpetisyon, oubyen refè yon pati ou entegralite yon konpetisyon apre analiz enpak fwod la gen sou rezilta yo.
Jwè ki sanksyone a gen dwa pou li konteste desizyon an nan yon delai ki pa depase 5 jou.
Nan jou ki ap vini yo komite a ap pataje avèk nou tout, lwa ak règleman entanasyonal konsènan etik nan konpetisyon yo.
* N.B.- Komite a konsidere anpil faktè pou reyabilite Sadrac Lambert. Kidonk li ka patisipe nan nenpot aktivite E-Draughts Haiti ap òganize ou sipòte. Nou espere ke jenès pa yon preteks pou okenn jwè rantre nan zafè fwod nan spò sa a. Nap mande abit yo raple tout jwè ke mezi sa yo ap aplike nan tout rigè yo.
Flash Flash
Sou chanpyona anliy yo ak Chanpyona Nasyonal 2023 a
Komite E-Draughts ap salye tout damis ayisyen yo. Nou deside kanpe sou Team Battle yo pou nou ale nan yon fòma ki pi pre estanda entènasyonal yo.
Men detay sou nouvo fòma a chanpyona an liy yo:
- Chanpyona a ap dire 3 mwa san depase 9 tou.
- Apariman System Swiss avèk DAP.
- Chak konfrontasyon ap fèt sou fòm dyèl 10 pati a kadans 1min+2s.
- Konpetisyon an ouvri a tout peyi.
- Frè patisipasyon an se 20 USD pou etranje oubyen sila ki pa an Ayiti yo. Li gratis pou jwè ayisyen ki an Ayiti yo. Montan total frè ki pa itilize nan konpetisyon an ap sèvi pou lot aktivite yo.
- Pati yo ap jwe pandan 3 premye dimanch nan mwa a a 8:00 pm. Yon jwè ki pa prezan pedi pati a. Si 2 jwè yo pa la, tout 2 fè zewo pwen. Komite rezeve l dwa pou l analize rezilta yo pou detekte fwod e ekskli koupab yo.
- Prim yo ap konsa:
100 USD pou premye a;
50 USD pou dezyèm lan;
5,000 goud pou 2 premye jwè pami ayisyen ki Ayiti si yo pa deja nan 2 premye plas konpetisyon an.
Konpetisyon an liy yo ap anonse sou sit FMJD a epi yap sou sit web ofisyèl E-Draughts Haiti a.
Pwojeksyon Chanpyona anliy yo sou pwochen mwa yo:
- Jiyè rive Septanm 2022
- Oktòb rive Desanm 2022
- Janvye rive Mas 2023
Soti Avril rive Jen 2023, konpetisyon an liy ap sispann pou planifikasyon e realizasyon Chanpyona Nasyonal E-Draughts Haiti 2023.
Komite E-Draughts Haiti
Flash Flash
Sou sipò teknik e finansye pou konpetisyon yo
Nou salye tout fanatik ak tout jwè damye alawonbadè. Nan sousi pou akonpanye e ofisyalize konpetisyon ki ap òganize tout kote nan peyi a, E-Draughts Haiti deside ofri ekspètiz teknik li a konpetisyon sa a yo.
Men kondisyon ki pou respekte pou yon òganizatè benefisye sipò teknik sila a:
- Enfòme komite E-Draughts Haiti sou konpetisyon an pou pi piti 15 jou avan li kòmanse (ap gen yon fòm sou sit web E-Draughts Haiti pou sa).
- Pwotokòl la dwe klè e an akò ak règ entènasyonal fmjd sou òganizasyon konpetisyon damye. Li dwe an akò ak règ ak etik antikòripsyon ki reji koze espò an jeneral.
- Dezinye yon reprezantan pou ki diskite aspè teknik òganizasyon tounwa ak pwotokòl la si ta gen fay ladan l. Komite a ap akonpanye reprezantan sa a pou chanpyona a ka respekte estanda entènasyonal yo, men E-Draughts Haiti se pa organizatè evènman sila a.
Tout konpetisyon ki respekte tout kondisyon pou jwenn sipò teknik yo ap afiche sou sit E-Draughts Haiti a. Nou ap asire nou ke rezilta rekonèt pa FMJD: sa vle di ap gen FMJD ID pou nouvo jwè yo, epi pati yo ap konte pou kalkile nouvo rating FMJD.
Pou sipò finansye a, chak mwa komite a ap chwazi yon vil ki ap benefisye sipò sila a.
Men kijan sa ap fèt:
Sou sit web ofisyel E-Draughts Haiti, ap gen yon lis konpetisyon ak tout dat yo. Pwotokòl yo ap deja disponib. Nou envite òganizatè nan 4 kwen peyi a voye demand pou òganize youn oubyen plizyè ladan yo. Komite a pral vote pou chwazi ki òganizatè ak ki vil ki ap responsab òganizasyon konpetisyon sa a yo chak mwa. E-Draughts Haiti ap bay sipò 15,000 goud a òganizatè sa a aprè tounwa a, depi tout prensip espòtif ak règ entènasyonal FMJD yo respekte.
Kou dokiman yo ak kalandriye konpetisyon sa a yo disponib sou sit web la, nap fè pase yon anons pou tout òganizatè ka voye demand yo a tan.
Komite E-Draughts Haiti
Flash Flash
Nou ap felisite yon lòt fwa ankò Chanpyon Nasyonal E-Draughts Haiti 2022 a, ak tout jwè ki te patisipe oubyen sipòte aktivite a nan fason pa yo.
E-Draughts Haiti envite nou tout bay opinyon nou sou Chanpyona Nasyonal E-Draughts Haiti a sou lyen sa a:
https://forms.gle/uXrqDwA2KNa7nLKY8
Komite a