Wap manjem
Wap manjem
Wap manje tout kè mwen kou pise fè,
Tankou yon gwo pwason, mwen nan nas Jodi a.
Poukisa ou pate di mwen sa se lanfè.
Ou louvri tout pòt ou, vin antre kounye a.
Pouki fi pa di non lè yo koze ak li.
Jenn gason yo pa pè fo espwa pwazonnen
Pwomès li a briye pou ou aksepte li.
Kounye a fi pale, fanm rele li konnen.
Kiyès ki ta renmen pèdi yon bon trezò ?
Nou kòmanse chemen, ou kase tèt tounen.
Tout richès sou latè pa pou mwen byen bòzò,
Avan jou a chanje, ti doudou retounen.