Mwen rive men ou mèt kontinye avanse,
Kontinye pedale sou pis la nan laglwa.
Limyè pa fèt pou mwen piskew vle devansem
Deplase,depase, pwofite fè lalwa.
Sa se kri kout kouto ponyade lanati,
Pa konfyew nèt ale, anyen pa enposib.
Reflechi plizyè fwa avan ou fe pati
Yon ekip kap pwodwi, demen ou ka nwizib
Pafwa nou oblije pase nan dife yo
Pou nou kab sovew pen, lè pa gen lot mwayen.
Men fok nou fe pridans, sispann jwe ak mo yo,
Evite fè konfyans, koripsyon, pa manyen.
Nap tounen si gen tan, lavi ap boujonnen,
Deplasman pa lamò, lavi kab refleri,
Pou pibèl avanti, avèk moun nou konnen,
Avèk bon sakrifis, ou papka nan kouri.