Sispann
Sispann
Plimen poul jan w’ pito, pa kite li fè bri,
Ou mèt fè pwent kreyon, piga li fè fatra,
Se konsa yo mennen biznis yo alabri
De tout zye, tout limyè pou met moun nan mera.
La rezon se limyè, yo konnen sa trè byen,
Poukisa yo pa vle aksepte sa yo fè,
Olye ke yo chita atake moun debyen.
Plen pouvwa pa anyen, fòk ou se bon chofè.
Nou menm ki se granmoun, nou se elèv lòt la,
Si li vle nou moute, san pwoblèm nap janbe,
Si li pa aksepte nou gendwa di vwala
Avèk nòt ki anfòm li pap kapab kenbe.