Ret kanpe
Ret kanpe
Mwen te kwè nan lè sa, kounye a li byen ta,
Kenbe li byen rapid paske ou se èd mwen,
Nou te viv yon moman pou nou pa en reta,
Anvan ke ou pati, mwen ale nan yon kwen.
Pran yon nouvo depa, te yon gran tantasyon,
Kòman sa fè posib si pa genyen lanmou,
Si sa te rive fèt, se gwo imilyasyon,
Mwen pa dwe janm bliye tout sa ou ye pou nou.
Ou lakay ak fanmi, ap rejwi avèk yo,
Chak maten ou sòti ale chèche lavi,
Ou pa mete lespwa avni ou sou koyo,
Men ou kreye chemen ki ap toujou sèvi.