Mwen twouvem kote k’ frèt, byen imid, chaje ak kokorat.
La sanble yon lakou k’ te gen moun, bèl bagay,
Siromyèl, bon sous dlo, gwo lapli ak pirat.
Gwo volkan konn pouse lafimen, sabotay.
Sanble yo te lage yon gwo bonm isit la,
Men yon bonm pa aji sou klima, se pa sa
Pou timoun wè lajan jès li yo se vwala,
Lòt yo menm pot fado, yo pa menm marasa.
Mwen dwe di zòn nan di, se radia ak dandi.
Ki pibon kreyati nan nati timafi,
nou pat kwè nan bandi, depi n’ fèt, n’ ap redi.
Nou pale se peche, manyen yo se defi.