Chak pwazon mwen vale, mwen di mèsi anpil,
Tèt la two egale, li sipoze desann,
Ou pa bezwen enkyè, mwen pral bese pwofil,
Byen an gran, mal la gran, fwa sa se an Desanm!
Yon kout zeklè pete, se nan syèl li sòti
Zòn lapè ak lanmou, kiyès ki ta di sa ?
Bò isi nèg razè, tèt pifò fin pati,
Se yon chwa ke yo fè, ak syèl la marasa.
Fè grimas pa fasil, lekòl pou ou ale,
Depi li byen chita, anyen paka blokel,
Se yon chwa kalkile paske nou tout kale,
Pouse pou pi devan se sèl sa ki mèt kel.
Si gen mwens ke yon sèl, konsa pou wout la fèt,
Ale wè ou wè jou, souf la poko kanpe,
Tout sa ou posede se yon zam, pa gen jwèt,
Pa fatige tire, devan yo pa ranpe.
26/09/23