Konn fè ekip
Konn fè ekip
Bò lakay mwen konn wè yon tren kann kap pase,
Kon ledba li chaje, mwen anlè ap gade l’,
Sou kann yo genyen kèk jenn gason ki plase,
Yonn nan yo te toujou ap dòmi, pa mande l’.
Twa lòt yo ret kanpe pi devan ap bay blag,
Yo konnen se konsa, yo tout pa gen menm tray,
Sèl fot li, li te bay tout bagay yon bèl vag,
Men dyòb li te byen klè paske li gen zantray.
Nan kichòy gen plizyè kalite enpòtans,
Gen kote moun yo pa fin renmen akseswa,
Detire se yon jwèt, pa dwe gen penitans,
Kòmanse ak tèt ou, avan ou di w’ se wa.