Chat kap veye mantèg
Chat kap veye mantèg
Pa genyen okenn chans laviktwa avèk yo,
Sèl bagay ou te ka eseye se souse,
Si yo te pran gade w’ se pou yo te souse w’,
Pisans yo te mete baboukèt nan bouch yo.
Si ou konnen ou klè poukisa grimas sa ?
Maspinen, kraponnen pi pòv yo pou regne.
Lè oumenm ak elèv ta dwe vin marasa,
Ou pito swiv lòt yo ki te toujou dènye.
Se yon seri de moun ki nan vòlè lontan,
Ki pase nan mitan moun serye pou yo wa.
Chak aksyon yo poze fè yo sonje dantan,
Jan yo konn banboche ak lavi ak lespwa.