Desisyon fè silans se yon gran delivrans,
Lapawòl ap filtre gout pa gout ankachèt,
Pou nwaye tout rèv mwen paske yo pa gen sans,
Epoutan, yon sèl mo ki chape se manchèt.
Sa sou kèm, li sou pom, van vante li gaye,
Pa pale se bon chwa, kenbe mow menmsil di,
Aleje detrès yo, lè yo vle deraye.
Rakonte pwoblèm ou pa remèd, vi a di !
Chak fwam fou jou kaba, nwit met pye, san koule !
Mwen viv mal, pale mal, fe gwo fot chak fwam fou ;
Kè pete ap vide san rete dyòl koule ;
Machin mwen pè,di fren sou boulva nan kafou.
10/08/23