Kijan pouw proteje'w sou entenet?


WWW,World Wide Web ki vle di "WEB TOUT MOND LAN"Prekosyon pa kapon! Kijan entenet la travay?

WWW,world wide web Se tankou yon HIGHWAY: Siw deside antre ou responsab pouw proteje tet ou, sa vle di siw deside konekte Ou dwe konnen ke se ou ki pou veye tet ou. Li senp pouw pwoteje tet ou kont zak malonet sou entenet. Men fason ou kapab sekirize tet ou:


1-Pa janm ouvri yon,atachman (lien) de yon moun ou pa konnen.


2-Pa janm klike sou yon lien ou pa konn sous li.


3-Nan nenpot sikonstans siw ta we li sanble tro bon poul ta vrai, konnen li pa vrai.


4-Telechaje(download) antivirus tankou Avast; gen anpil lot version ki gratis.


5-Si yon moun ta vle voye yon atachman nan yon email pou ou oubyen WhatsApp , di moun nan mete yon CODE avan nan sujet mesaj la, konsa ou va konnen ke li reyel.


6-Siw we yon foto ou renmen e ou ta vle telechaje, Fe SCREENSHOT li pito pase ou telechaje li, epi apresa ou kapab rekadre li (CROP)


7-Le ou ap achte EN LIGNE (ONLINE), gade si HTTP a gen S la ladan, paske S la vle di Sekirite, li sipoze HTTPS.


8-Pa al sou Facebook sou laptop moun oubyen CyberCafe, siw ta rive fesa, lew fi'n met PASSWORD ou,si BROWSER a mande pou SAVE(anrejistre) li klike sou NEVER. epi lew fini dekonekte ale nan,Settings, Privacy, CLEAN BWOSING DATA, ki vle di efase tout done yo.

"Mod pas yo"

Yon bon mod pas sipoze genyen 8 karakte. Men kek move mot de passe: 1234,abcd, 1b2b3c, John2000, ect. Nb «Mot de passe sa yo se jis kado PERE NOEL." Yon bon mot de passe sipoze sanble konsa: C631M$. Yon ti franse(CE CITOYEN AIME L'ARGENT,"Li vreman fasil pouw sonje men li vreman difisil pou yon lot moun piratel.


Finalman, nou kwe siw swiv tout prensip sa yo, sa pa vle di ou pral enbatab, men lap difisil pou kont ou pirate.

Pou plis detay vizite: Sécurité sur l'internet

Siw gen kesyon svp kontakte nou la a.

David Pierre