Resous sou TPS

Nouvèl sou Estati Pwoteksyon Tanporè


Resous sou TPS

Gras a Catholic Legal Immigration Network, Inc.

Enfòmasyon rapid rapid sou ki sa revokasyon TPS resan yo ka vle di pou sila yo ki gen estati imigrasyon sa a.

Gid sa a ap ede moun ki genyen TPS yo konprann desizyon yo DHS la (“Depatman Sekirite Nasyonal la”) pran sou TPS, pami yo: revokasyon yo ak endesizyon yo. Epitou gid la ofri sèt etap moun ki gen TPS yo kapab pran pou yo prepare epi l bay kèk lyen itil sou kèk resous.

Resous sa a gen ladan l yon koleksyon istwa moun ki gen TPS yo, epi l ilistre efè imen revokasyon TPS la koze.

Sèvi ak òganigram sa a kòm yon gid rapid rapid pou w konprann desizyon TPS resan yo, yo pran sou peyi Amerik Latin yo ak peyi Karayib yo. Disponib ann Anglè, Espayòl ak Kreyòl Ayisyen.

Èske kliyan TPS ou yo elijib pou rekò pèmanan atravè imigrasyon ki baze sou lyen fanmi (lyen parantal)?

Nan mwa k ap vini yo DHS (Depatman Sekirite Nasyonal la) pral kontinye repase sou dezinyasyon TPS yo pou plizyè peyi.

Nan webinè sa a, n ap eksplore kèk opsyon pou ede fanmi pwòch ki resevwa TPS yo ajiste estati yo. N ap repase sou lwa ajisteman estati yo ki anba Lwa Imigrasyon ak Natiralizasyon yo (INA- “Immigration and Naturalization Act”) seksyon 245(a) ak 245(i) ak sou ajisteman pou moun ki genyen TPS ki rezide nan 6yèm ak 9yèm Siki jiridik yo.

Kontak pou Zafè Etranje ak Konsila nan Eta Massachusetts

Meksik

Konsila Meksik la nan Boston

55 Franklin Street

Ground Floor (premye etaj)

Boston, MA 02110

(617) 426-4181

consulmex.sre.gob.mx/boston

Èl Salvadò

Konsila Salvadoryen an nan Boston

46 Bennington Street

Boston, MA 02128

(617) 567-8338; (617) 567-2864

consuladoboston.rree.gob.sv

Ondiras

Anbasad Ondiryen an nan Washington D.C.

3007 Tilden Street NW

Suite 4-M

Washington, D.C. 20008

(202) 966-7702; (202) 966-2604

www.hondurasemb.org

Gwatemala

Anbasad Gwatemala a nan Washington D.C.

2220 R Street NW

Washington, D.C. 20008

(202) 745-4953; (202) 745-3873

www.guatemalaembassyusa.org