Si w ta renmen resevwa mesaj tèks k ap soti nan distri a,
tanpri kontakte lekòl pitit ou a pou mete fòm enskripsyon an ajou.

Ap chache id idantite pitit ou a?
Sijesyon: pb + nimewo elèv pou non itilizatè ak modpas (eks: pb12345678)

(Pou asistans tanpri rele lekòl pitit ou a.)

Paran ak Responsab

Pandan n ap prepare nou pou n kòmanse ane lekòl 2020-2021 an, n ap mande èd ou pou nou fè plan pou pitit ou. Pandan tout lekòl nan Distri a pral kòmanse aprantisaj adistans, objektif Sipèentandan an se pou l louvri lekòl yo baze sou direktiv konseye sante lokal yo, yonfwa genyen mwens danje pou fè sa.

Si ou pa t enskri pitit ou pou ane lekòl k ap vini an , tanpri itilize lyen sa a pou jwenn direktiv pou fè sa: https://www.palmbeachschools.org/students_parents/student_registration.

Si w déjà enskri pitit ou pou l retounen lekòl, n ap mande pou w ede nou prepare pou nou sèvi bezwen endividyèl pitit ou pi byen. Pou nou fè sa nou bezwen konnen:

  • Pi bon nimewo telefòn kote nou kapab kontakte ou kòm paran timoun nan.

  • Ki bezwen teknoloji pitit ou genyen pou aprantisaj adistans.

  • Ki plan ou genyen pou pitit ou lè lekòl kapab louvri selon rekòmandasyon CDC ak egzijans legal yo.

  • Si pitit nou pral bezwen sèvis transpò lè Distri a relouvri lekòl yo.

Pou nou kolekte enfòmasyon sa yo, n ap mande pou w konekte la a avèk pb epi ID elèv la pou ranpli yon ti kesyonè. Ou kapab jwenn ID Elèv la nan Pòtay Paran (Parent Gateway), Kanè ak Rapò sou Pwogrè. N ap mande pou ranpli atik sa yo pou chak timoun ki nan kay la avan oswa nan dat 15 out 2020. Ou dwe konekte pou chak timoun separeman.

Tanpri pran nòt, lè elèv yo ap retounen nan lokal lekòl yo, Distri a pral enkòpore direktiv CDC ak egzijans legal yo, nan limit ki posib, pou redui risk pwopaje viris la. Sa enkli distansyasyon sosyal, lave men souvan, epi obligasyon pou kouvri vizaj- amwenske genyen dokimantasyon ki endike yon moun pa kapab kouvri vizaj li.

Anba la a, w ap jwenn direktiv sou kijan pou w konekte pou ranpli kesyonè a ak kisa chak atik ap mande. Si ou ta renmen ranpli kesyonè sa a sou papye, ou bezwen ID elèv la, oswa ou pa kapab konekte, tanpri, tanpri kontakte lekòl pitit nou pou nou jwenn èd.