Nou envite tout moun nan yon gro jounen jèn 30 Aout 2024
Depi plizyè ane, sante te toujou yon priyorite pou tout responsab nan pawas Notre Dame d'Altagras. Se pou sa, te toujou gen yon doktè ki te konn fè klinik mobil nan pawas la yon fwa pa mwa. Moun yo te byen kontan e akeyi sa ak kè. Men anpil moun te toujou ap di: "yon fwa pa mwa pa sifi. Nou dwe gen yon bon sant sante nan Layay kote yon moun ka vini nenpòt lè yo gen problèm, lajounen kou lannwit."
Nouvo admnistrasyon pawas la ap travay pou kapab genyen yon sant sante nan Layay. Li pako rive nan sa ki swete yo men yo deside pou gen yon klinik mobil chak jedi soti 9h00 nan maten pou rive 1h00 nan apre midi. Doktè Elisson Adrien ki se pitit Layay fe klinik mobil sa yo. Pou soulaje peyizan yo, yo pa peye konsiltasyon men yo peye pou medikaman yo.
Objektif la se pa genyen yon sant sante nan Layay ki gen yon staff tout tan ki prezan pou bay tout moun swen nenpòt lè yo ta gen bezwen. Nou kwè ke travay sa ki koumanse a se siy ki montre nou ap vanse e kesyon sante a se yon priyorite.
Dr. Elisson Adrien
Anpil fanm ansent te konn rete lakay yo pou yo akouche. Sa ki konn lakoz anpil nan fanm sa yo rive mouri oswa yo konn pedi pitit la.
Kounye a li rekòmande pou medam yo ki ansent fe suivi chak mwa. Pandan vizit sa yo, yo fè fòmasyon pou yo. Nou gen anpil chans nan Layay pou nou jwenn Saj Fàm pou Ayiti ki fè konsiltasyon prenatal yo chak 2eme Jedi chak mwa.