KONSOME PWODWI LAKAY (KOPLA) se yon antrepriz k ap valorize pwodwi agrikilti lokal. Sa vle di pwodui ki kiltive an Ayiti, sitou sereyal tankou : Diri, Mayi, Pwa, Kafe, Akamil, elatriye…. Se yon aktivite komèsyal kote premye objektif nou se ; pèmèt pwodwi nasyonal yo konsome plis an Ayiti ke pwodwi enpòte yo, answit, pou n fè lajan pou n soutni tèt nou antanke jèn.
Pa bliye
"Ou se sa ou manje , kidonk manje sa ki bon. manje KOPLA "
"Avek KOPLA ou pa bezwen nan tet chaje pou met manje lakay ou anko"
"Nou vle ofri w manje peyi ak yon pri ki pi rezonab"