Misyon nou se pou’n amelyore eta sante travayè sezonye ki nan Maine yo ak fanmi yo nan pote swen ak sèvis ki kiltirèlman apwopriye.
Si oumenm oubyen yon manm fanmi’w ki aktyèlman ap travay nan jaden, nan elvaj ki fèt nan dlo, nan preparasyon fwidemè.
Si travay prensipal pa’w oubyen travay prensipal yon manm fanmi’w nan dènye 24 mwa pase yo se te nan jaden, nan elvaj ki fèt nan dlo oubyen nan preparasyon fwidemè.
Egzanp:
Plante, rekòlte oubyen mete nan pake legim oubyen fwi
Plante pyebwa
Travay nan yon fèm kote yo jere lèt oubyen ze
Travay nan yon fèm kote yo jere zwit, somon oubyen alg kelp
Travay nan yon factory kote yo jere woma
Bay sèvis medical pou travayè migran ak sezonye atravè eta Maine
Swen presipal dirèk ki gen ladan sèvis sante konpòtmantal
Sèvis sipò (kowòdinasyon sante, transpò pasyan
entèpretasyon medikal)
Aksè ak Swen Espesyal
Sèvis Limite ki ede peye bòdwo medical yo gras a yon sistèm glisman frè
Tès ak Vaksen Covid-19 Gratis
Sante Konpòtman
Konsèy ak sipò emosyonèl nan sitiyasyon difisil oswa enjistis
Ede w kite oswa diminye itilizasyon tabak, alkòl oswa lòt dwòg
Èd pou moun ki sibi abi sikolojik, finansye oswa fizik nan kay oswa nan travay
Sèvis Travayè Sante Kominotè
Sipò pou chèche swen medikal ak yon doktè oswa yon konseye
Èd ak depans pou sèvis medikal/preskripsyon nan famasi a
Sipò pou òganize yon entèpretasyon pou sèvis medikal
Èd ak transpòtasyon pou sèvis medikal ak ijans dantè
Ede jwenn aksè nan tès COVID-19, vaksen, ak sèvis sipò
Edikasyon sou lasante
Koneksyon ak lòt sèvis (edikasyon, resous manje, elatriye)
Kòman pouf è yon Tès COVID-19 lakay ou?
Fè kòmand twous Tès COVID-19 ki ka fèt lakay
Nan men gouvènman federal la: maksimòm 2 kòmand de 4 twous tès pou chak adrès. Kòmande pa w la: https://www.covidtests.gov/
Nan men gouvènman Eta Maine nan: yon kòman de 5 twous tès pou chak adrès, disponib pou tout kòd postal nan Maine yo. Kòmande pa’w la : https://www.accesscovidtests.org/
Sèvis Travayè Sante Kominotè gen yon kantite stòk limite nan test COVID-19 ke’w ka fè lakay! Rele Sèvis Travayè Sante Kominotè pa’w la pou konnen sou stòk la epi mande youn oubyen kite yon mesaj nan biwo santral la 207-622-9252.
Distans sosyal omwen 6ft apa youn ak lòt
Netwaye men w
Touse oswa etènye nan koud ou
Mete yon mask
Louvri yon fenèt
Pran vaksen COVID-19
Ede Pwoteje tèt ou ak lòt moun kont COVID-19
Fè nou konfyans pou pran swen sante ou!
Enfòmasyon pou kontakte Maine Mobile Health Program
Si w bezwen swen medikal an IJANS, rele 9-1-1
Si ou gen yon KRIZ EMOTIONÈL epi w bezwen atansyon an ijan, rele 1-888-568-1112.
Pou tout lòt rezon, rele Travayè Sante Kominotè w la, oswa biwo nou an nan 1-888-351-9634.
Imèl nou: mmhp@mainemobile.org