Immigrant Legal Advocacy Project (ILAP)
Immigrant Legal Advocacy Project (ILAP)
ILAP se sèl òganizasyon ki bay sèvis jiridik imigrasyon nan tout eta Maine, e nou la pou n ede. Nou sèvi rezidan ki pa touche anpil lajan nan Maine. Tout sèvis yo gratis oswa gen pri ki ba anpil. ILAP ofri entèpretasyon pou tout apèl telefonik oswa sou entènèt avèk anplwaye jiridik ILAP ak volontè yo.
ILAP ka anmezi pou bay èd jiridik pou:
Sivivan vyolans domestik, travay oswa trafik seksyèl, oswa yon krim.
Minè ki pa akonpaye ki poko gen 21 an
Nou pral kontakte ou nan 3 jou ouvrab. Tanpri sonje ke ILAP se yon ti òganizasyon e nou pa kapab ede tout moun ki mande asistans. Mèsi pou pasyans ak konpreyansyon w!
Vizite Anyè Nasyonal Sèvis Imigrasyon Immigration Advocates Network la pou jwenn lòt sèvis jiridik.
Tcheke paj Patnè Kominotè nou yo pou lòt òganizasyon jiridik nan Maine!
Vizite paj Konsèy Jiridik nou an pou enfòmasyon ki pi ajou.
Estati Tanporè Pwoteje (TPS)
TPS se yon estati tanporè yo bay moun ki soti nan sèten peyi ke gouvènman ameriken an deziyen kòm peyi ki pa an sekirite pou moun retounen. TPS bay moun ki soti nan peyi sa yo ki deja Ozetazini pwoteksyon tanporè kont depòtasyon, estati legal, ak yon pèmi travay.
Aksyon Difere pou Arive Timoun (DACA)
DACA is a program started in 2012 giving certain youth who came to the U.S. as children temporary permission to stay in this country.
Maine (pami anpil lòt eta) gentan legalize mariwana medisinal. Nan eta sa yo, li legal tou pou moun gen mariwana nan men yo pou fen rekreyatif, epi itilizasyon, elvaj, ak lavant mariwana legal, tou. Sepandan, marigwana TOUJOU ILEGAL selon lalwa imigrasyon federal. Lalwa eta Maine PA chanje lalwa imigrasyon.
Si ou PA yon sitwayen ameriken ou pa ka posede, itilize, plante, oswa travay nan yon biznis ki vann marigwana nan nenpòt eta!
Vizite paj MARIGWANA AK IMIGRASYON
Tout moun nan Etazini gen sèten dwa, kèlkeswa sitwayènte oswa estati imigrasyon. Aprann dwa w pou pwoteje tèt ou nan rankont ak lapolis oswa ICE (Imigrasyon ak Ranfòsman Ladwàn Etazini).
Sa yo se dwa ou yo:
Dwa pou ou rete an silans: Ou pa bezwen reponn nenpòt kesyon lapolis, FBI, Patwouy fwontyè, oswa ICE poze w. Se dwa w pou w rete an silans nan nenpòt sitiyasyon. Ou ta dwe di byen fò: "Mwen egzèse dwa mwen pou mwen rete an silans."
Dwa pou pa konsanti pou yon rechèch: Lapolis ka fouye rad ou si yo sispèk ou gen yon zam. Ou gen dwa pou refize konsantman pou nenpòt lòt rechèch nan kò w ou, machin ou, kay w, oswa afè w. Ou ta dwe di byen fò: "Mwen pa dakò pou yon rechèch."
Dwa pou gen yon avoka: Si lapolis arete w ou epi ou pa kapab peye pou yon avoka, ou gen dwa pou yo ba ou yon avoka gratis. Si ICE mete w nan prizon, ICE pa bezwen bay yon avoka pou ou, men ou gen dwa pou jwenn aksè nan yon avoka.
Dwa pou w kite: Si ou pa arete, ou gen dwa kite. Si yon ofisye kanpe w pou kesyon, mande: "Èske mwen lib pou m ale kite nou?" Si wi, mache avèk kalm epi an silans. Si non, ou gen dwa konnen poukisa yo arete w.
Dwa pou fè yon apèl: Si yo arete w oswa mennen w nan prizon, ou gen dwa fè yon apèl telefonik lokal . Ou ta dwe rele yon avoka si yo arete w oswa nan prizon.
Klike La pou aprann kisa pou fè si lapolis oswa yon ajan imigrasyon arete w.
Pou jwenn / ede yon moun nan detansyon: https://locator.ice.gov/odls/#/index
TANPRI SONJE: Moun ki san papye oswa ki an danje pou yo depòte l pa ta dwe ale nan biwo ICE oswa nan sant detansyon.
Vizite paj Konnen Dwa Ou nou an pou jwenn plis resous.
Si ou ta renmen yon moun pale ak gwoup ou a sou lalwa imigrasyon, Konnen Dwa ou, oswa nenpòt lòt sijè, tanpri voye yon imèl bay Barbara Taylor nan btaylor@ilapmaine.org. Nou disponib pou fè fòmasyon, swa an pèson swa sou Zoom.
Kouman ILAP ka ede:
"Kesyon rapid" sou lwa oswa pwosesis imigrasyon
Kontak pou anplwaye ou oswa kliyan / pasyan sou lwa imigrasyon, konnen dwa ou, oswa yon lòt sijè.
Kouman kontakte ILAP:
Voye yon imèl Barbara Taylor nan btaylor@ilapmaine.org OSWA
Klike la ranpli yon demann pou Kontak Virtyèl
Kesyon?
Voye yon imèl bay Barbara Taylor nan: btaylor@ilapmaine.org
Leandre, 2018
José and Michelle with their child, 2018
Jocelyne with her family, 2018
Biwo Portland:
489 Congress Street, 3rd Floor
P.O. Box 17917
Portland, ME 04112
Immigrant Legal Advocacy Project (ILAP)
Telefòn: (207) 780-1593
Faks: (207) 699-2313
www.ilapmaine.org
Facebook: https://www.facebook.com/ILAPMaine
Biwo Lewiston:
95 Park Street,
Suite #519
P.O. Box 1376
Lewiston, ME 04240