Distri Lekòl Rejyon Palm Beach (SDPBC) pran angajman pou l bay yon edikasyon nivo entènasyonal pou tout elèv. Pou ede nou reyalize objektif sa a, n ap mande w pou ou ranpli yon sondaj pou pataje ide w sou domèn Distri Lekòl la ta dwe bay priyorite nan pwochen twa (3) a senk (5) ane k ap vini yo.


Sondaj la genyen sis (6) ti kesyon tou kout k ap mande opinyon inisyal ou sou kisa Distri Lekòl ta dwe kòmanse, kanpe, oswa kontinye bay priyorite pandan l ap avanse. Nou ankouraje elèv, paran, manm kominote a ak anplwaye SDPBC pou yo patisipe epi tout repons yo ap rete anomim epi konfidansyèl.


Tanpri pran nòt, repons ou nan sondaj la p ap anrejistre toutotan ou pa peze sou bouton "submit" la. Si w genyen nenpòt kesyon sou sondaj la oswa w bezwen èd pandan w ap ranpli li, tanpri, imel StrategicPlan@palmbeachschools.org.

Mèsi anpil poutèt ou pataje ide w--Distri Lekòl la ap koute!

Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou etap Distri Lekòl la ap pran pou detèmine priyorite pou pwochen twa a senk (5) ane yo lè w klike la a here.

Si w se yon paran oswa responsab epi w bezwen mete nimewo telefòn ou oswa adrès imel ajou nan SIS, tanpti, klike la a here